vendredi 29 décembre 2023

Bouda anmè: DYESIBON RIVE NAN VIL SEN JAK

 

Se te yon jou mèkredi twa jen, nan lane 1966, sou Prezidan Nonbliye ki te senkansenkyèm prezidan Ayiti. 

Lè sa, se te epòk boubout, epòk moun mache sou trèz ou pa pile katòz. Tout moun te respekte moun paske derespekte yon moun te pinisyon pou bouda, aaaaa ! Moun pa t gen tout libètinay avèk bouch yo pou te di sa yo vle alèkile. 

Lè kamyon Dezira a te rive nan vil Sen Jak li te ka nan dizè yo konsa nan maten. Dezira estasyone, li mete tout kalite moun atè. Ou pa fouti konnen kote yo tout soti. Tèt yo tou blanch, ak kouto digo, manchèt, wou,sèpèt nan men. Gen sa ki gen ti ponya anba mayo yo tou. 

Anba zong yo monchè o! Sa te nwè tankou zongm achann rapadou. Makòn gason sa yo te gen koulè kafe tankou pitit Kapwa Lamò. Bon jan nèg mawon fewòs po gra, dan blan ki pa gen lajan men ki gen fòs pou laboure latè. Nan mitan tout moun sa yo, se yon sèl ki te atire atansyon tout moun : Dyesibon. Li te nan katòz lane ozanviwon, kòm li pa t bay batistè li, se te sou wotè l ak pòtray li tout moun te rive kwè nan laj li te di l genyen an. Li te nan mitan yon eskòt gwo nèg ki te ka fè papa l.

Estenyo ki te papa Dyesibon te rache l depi lè l te tou piti nan men manman l Ivèt ki te kenge li. Li te rete andeyò vil Benè pou mennen l bay madanm li Selimèn ki te rete nan sant vil la. Se li ki te konn okipe tout jaden madanm nan, al mare bèt, pote manje pou voye bay pitit gason Selimèn yo k ap fè gran etid nan Pòtoprens. Ti gason sa a pa t janm gen dòmi nan je ditou. 

Li te pòtre yon prezidan, kote tout moun chita sou ozèt yo, y ap tann pou l fè tout bagay pou yo, san yo pa gade pou wè l pa ko gen twòp eksperyans lavi podyab ! Lè li wè se chitatravay bay chwal galonnnen li te fè yon rezon, nan 

plenyen kò fè mal tout lajounen, Granchemen, ki se te 

vwazen madan Estenyo, yon gran vwayajè, antre nan 

lapèn Dyesibon. Li mande li si li pa ta renmen respire 

yon lòt lè. Dyesibon pa menm mande kijan ni kòman

paske l konnen Granchemen se yon grenn pwomennen. Pafwa, se nan lari Dyesibon dòmi lè lannuit pran li deyò. 

W a di se yon moun bòkò bay pwen dòmi nan kafou. 

Touswit, ti konpè a reponn « ui » e li menm fè konnen si 

Granchemen te ka mennen l menm jou a, li t ap bon. Ou konnen mizè pa dous, Dyesibon pa ka tann pou mete kò l deyò, kòm se te yon jou dimanch yo te rete pou lendi.


Lendi bonè, Dyesibon frape pòt Granchemen, li 

mande li si li pa prale ankò paske li dwe pati nan yon lè 

kote pyès moun pa konnen pou evite rèl kay makorèl. 


Madan Estenyo t ap pete yon sèl eskandal pou reveye tout Benè e moun Benè renmen zen. Yo pa kouche sou 

de zòrèy yo pou yo ka gen tout dènye nouvèl yo. 

Granchemen ap gade Dyesibon ak yon je. L ap 

souke tèt li paske li pa ta kwè Dyesibon te ka gen tout riz 

konsa antanke timoun. Epi lè sa, li di Granchemen :


.....

Bouda Anmè, p13-15

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...