Soumisyon madanm kretyen nan fwaye,
tankou anpil lòt sijè konjigal, toujou fè pawòl limen nan bouch, dwèt awoyo nan
poste, pataje ak kòmante sou rezo sosyal yo ak lank koule sou papye. Kwayan ou
pa, selibatè kou konjwen, gason kou fanm, nan legliz kou deyò, chak moun gen
omwen yon mo pou plase, yon agiman pou jistifye pozisyon li. Se pa ti zen, se
lòbèy depi w tande gen konferans ak etid biblik sou wòl fanm ak gason nan maryaj.
Tout tèt zòrèy kanpe pou tande ak analize. Kesyon pa janm fin poze, repons pa
janm fin bay, tan pa janm sifi reponn, oditè yo pa janm satisfè. Se toujou
konsa e nan yon lòt okazyon, se menm kesyon yo ki pral poze. Petèt, se youn nan
rezon ki fè w te deside louvri liv sa pou chache konnen opinyon otè a.
Bon lekti !
Jérôme D.
Emerson
Senmak, desanm
2024
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire