lundi 9 juin 2025

Konprann otorite mari nan fwaye

 


ENTWODIKSYON

 Nan yon sans jeneral, pouvwa se kapasite pou dirije ak kontwole. Se sa ki fè tout moun ka gen pouvwa selon moun, gwoup oswa enstitisyon li responsab. Nan Legliz, Leta kou nan Lekòl, tout lidè ak anplwaye gen pouvwa.

Pouvwa pèmèt ou enfliyanse lòt moun suiv ou, tande w, aksepte w. Enfliyans sa a ka fèt atravè pawòl, aksyon oswa abitid ou. Lè w ap pale, w ap fè aksyon, nan abitid ou, nan fason w enfliyanse lòt moun suiv ou, tande w, aksepte w, se pouvwa ki pèmèt sa. Timoun, jèn, fanm kou gason, rich kou pòv gen pouvwa. Yon milyadè gen pouvwa, kliyan k ap konsome pwodui l ap vann ak sèvis l ap bay gen pouvwa. Kidonk, lòm gen pouvwa, chak vivan sou latè gen yon fason li ka egzèse li. Nan fè byen oswa nan fè mal. Nan pawòl oswa silans. Alò, pouvwa pa yon mal, li net, menm jan ak kouto, dlo ak dife. Yo ka fè byen selon jan lòm itilize yo. Gen yon pwovèb afriken ki di: « Pouvwa tankou dife : li ka rechofe oswa detui, selon fason yo itilize l.»

 Gen de sitiyasyon ki ka fè pouvwa vin danje : lè sila ki genyen li an pa vle pèdi l akoz privilèj l ap jui ak lè moun k ap sibi a deside revòlte. Konsa, li posib pou chak moun ki gen pouvwa mal itilize li epi sila k ap sibi yo ka deside yon jou revòlte. Se pou rezon sa a ki fè atout se Bondye ki bay gason otorite sou fanm, Levanjil pa kanpe la. Bondye se premye egzanp antanke kreyatè ki montre byenfè pouvwa li nan kreyasyon an, pwoteksyon ak padon li anvè lòm. Jezi ki te resevwa tout pouvwa pa t janm itilize l kont disip li yo ni ènmi li yo. Devan aspirasyon de ladan yo, li te aprann yo finalite pouvwa se sèvi. Li pa t sèlman di l, li te demontre li nan ministè li ak lavi li.

            Alò, kòman nou ka konprann otorite yon mari nan yon fwaye? Poukisa gen tout opozisyon sa yo kont wòl mari a nan fwaye alòske pa genyen sou pozisyon Jezi nan tèt Legliz la ? Èske sa tèlman enpòtan pou konprann?

             Marie Curie, premye fanm ki pran Prix Nobel (1903,1911), te di: « Pa gen anyen nan lavi pou pè, tout bagay dwe konprann. Se kounye a moman pou konprann plis pou pè mwens.» Bò kote pa li, Confucius, filozòf chinwa, te di : « Mwen pa chèche konnen repons yo, mwen chèche konprann kesyon yo.» Lè nou konnen, daprè Peter Deunov, « Konprann yon bagay gen yon enpak sou lespri, kè ak volonte yon moun », gen limyè sou wòl mari a nan fwaye kretyen an nesesè. Paske, pou site André Gaston, « konprann se kòmansman akseptasyon

            Nan « KONPRANN SOUMISYON MADANM NAN FWAYE », nou eksplike wòl fanm nan pa fè li enferyè devan mari l, se youn nan fonksyon apot Pòl konpare avèk Legliz ki se kò Kris la. Konsa, pozisyon madanm nan mete valè sou li nan fwaye a. Ebyen, nan « KONPRANN OTORITE MARI NAN FWAYE », nou pral gade ansanm kisa otorite a ye, sous li, sans li, devwa mari a, imilite li ak kèk konsèy k ap ede yo pran responsablite yo nan fwaye yo.

            Bon lekti !

 

Aucun commentaire:

Konprann soumisyon madanm nan fwaye

    Entwodiksyon   Soumisyon madanm kretyen nan fwaye, tankou anpil lòt sijè konjigal, toujou fè pawòl limen nan bouch, dwèt awoyo nan p...