mercredi 28 février 2024

ZEL NANM|Liv gratis!

 


1. Moun ou renmen an

Gen yon moun ki ale, se kòmsi yon pati nan

ou ki ale. Gen yon lòt ki ale, li pa menm konpare

ak tivan ki fè branch souke.

Gen yon moun ki pale, vwa l sèlman fè w

tranble san w pa menm wè li. Gen yon lòt ki

pale, se kòmsi yon fèy papye ki te tonbe atè.

Gen yon moun ki mouri, se kòmsi lavi w pèdi

sans. Gen yon lòt ki mouri, ou pa menm sonje si l

te egziste.

Gen yon moun ki souri ba w, se tankou

lespwa k ap boujonnen. Gen yon lòt ki souri, se

tankou li t ap fè piblisite pou ipokrizi.

Gen yon moun ki di l renmen w, ou gen pou

pase yon bon tan ak kè kontan pou tan sa fè w

plezi. Gen yon lòt ki di l renmen w, li fè w anvi al

fè pè oswa mè.

Gen yon moun ki joure w, ou fè silans paske

malgre w gen rezon, ou pè blese l pou tan w

renmen l. Gen yon lòt ki joure w, li ba w rezon

pou w pa janm renmen.

Gen yon moun ki mande w padon, ou santi w

delivre paske w t ap mouri ak lanvi pou w

rekonsilye avè l. Gen yon lòt ki mande w padon,

ou regrèt ou te gen pitye.

Gen yon moun k ap li mesaj sa a, li kontan

paske l dekouvri kèk pawòl pou li kontinye

renmen yon moun. Gen yon lòt ki fache paske l

pa ta renmen moun li renmen an li mesaj sa a.


Li plis pase 10 lòt tèks nan liv la konplè:ZEL NANM

Konviksyon! Liv la gratis!

 


LESON NAN CHEMEN ERÈ

Apèn li sot nan antèman papa li nan simityè Senmak la, Daniz ap antre lakay li, li rankontre yon ansyen kamarad li pandan l ap desann machin ki t ap transpòte moun yo. Malgre li nan dèy, li pa byen akeyi li.

-       O ! Daniz, kòman ou ye bebi?

-       Mwen la ui Madou, e ou menm?

-       Mwen anfòm men genlè ou te nan…

-       Ui, mwen soti nan fineray papa m.

-       Kòman sa? Papa w mouri? M pa t janm tande ti medam yo di sa sou gwoup la non.

-       Non, paske sa fè lontan nou dekonekte. Epi sa pa fèt twò lontan pase sa.

-       M konprann sa. Antouka, menmsi se anreta, mwen prezante ou kondoleyans mwen, Daniz e m vrèman regrèt m pa t konn sa avan pou m te vin sipòte w.

-       Mwen konnen ou pa t ap manke men pa fatige w. Tout bagay fini.

-       Oke. Alò, ban m ba w nimewo Whatsapp mwen, konsa n a repran kontak. Sa w panse? M pa vle kenbe w twòp.

-       Dakò.

Yo fè echanj nimewo epi youn separe de lòt. Pita nan aswè, zòn nevè konsa, Madou ekri Daniz.

-       Ti baz, kòman sa ye? Se Madou.

-       Oke, mwen wè wi. Ou anfòm?

-       Ui, n ap kenbe. Kisa w fè menm?

-       Mwen pa fè twò gwo bagay non. Mwen nan kou enfòmatik epi m ap tann pou m antre nan inivèsite a.

-       O, se byen. Kisa w pral etidye la menm ?

-       Administrasyon oswa Dwa. M pa vrèman gen yon chwa final. E ou menm?

-       Ou konnen, m pa t gentan fini ane lekòl la, m te lage m nan fè biznis.

-       Se byen sa. Kisa w ap vann menm?

-       Tout bagay. M achte pou revann. M ale dèyè legliz epi m konn ale Ponsonde tou. Depi se kote m ka fè lajan, m la.

-       Pale m sa, ou te toujou yon fanm ki renmen fè biznis. Felisatasyon!

-       Mèsi, men…

-       Kisa ?

-       Bon, sèke mwen gen yon ti moun.

-       Deja Madou ?

-       Ou konnen sè m nan. Depi w nan renmen epi w ap fè dezòd, aksidan sa yo ka rive.

-       Oke, m konprann men pa kite yon lòt vini non, paske lavi a difisil anpil ui.

-       Mèsi pou konsèy la. M ap degaje m pou evite sa paske koulye a, mwen anba zèl Kris. Malè sa yo p ap rive m ankò.

-       M byen kontan aprann sa.

-       E ou menm, Daniz, ou pa gen vèso[1] ?

-       Ou vle di menaj ?

-       Vwala, se sa.

-       Non, mwen poko prè pou jan de vi sa yo sitou papa m fèk antere. Mwen plis fokis sou pwofesyon m ap aprann nan pou m ka pi byen prepare pou m afwonte lavi a.

-       Bèl bagay ui. Mwen sonje lè m pa t ko nan bagay sa yo. Men m pa fin regrèt non paske m gen yon pitit fi m renmen anpil. M pran leson an epi m konsakre lavi m pou edike li pou li pa fè menm wout avè m.

-       Mwen ankouraje ou fè sa, zanmi m.

-       Oke, mèsi.

-       M ap kite w wi. M gen dòmi, n a pale yon lòt fwa.

-       Pa gen pwoblèm kòkòt. M te kontan tande w. Bon lannuit.

-       Pataje.

Madou ak Daniz te fè reto ansanm nan Lise Bisantnè a. Madou pa t pase akoz li pa t sou lekòl. Malgre yo te vin pa t nan menm klas, yo te toujou rankontre jiskaske yo te kreye yon gwoup Whatsapp pou pale. Kèk tan apre, gen nan yo ki te ale Etazini, Kanada, Sendomeng ak lòt ki te toujou rete Senmak. Daniz te vin chanje nimewo epi pa t gen twòp konvèsasyon antre yo ankò.

Yo vin rankontre delane aprè. Yon sèl kou zanmitay la rekòmanse. Sepandan, yo chanje. Madou vin pran lavi l plis oserye aprè li te vin ansent malgre li te batize epi fè yon pitit fi. Depi lè sa tou, li te pran Levanjil oserye. Daniz te toujou pè fè sa. Dayè, jiskaske yo vin rankontre, li toujou pa renmen.

Telechaje epi li tout rès istwa a la: KONVIKSYON

[1] « Rekto vèso » vle di youn nan de moun ki renmen.

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...