"Tou li, tou konprann!" se eslogan Edisyon Petra k ap fè pwomosyon pou lang kreyòl atravè lekti ak etid. Jodi a, PETRA LIVRES pote yon atik k ap enfòme ou sou 8 liv ekriven Jérôme D. Emerson ekri pou ede jèn kretyen yo konprann e prepare fwaye yo.
1.
Eske w prè pou renmen ?
Yon
ti liv pou sansibilize pitit ou sou danje ki gen nan renmen ak nesesite pou l
tann. Depi timoun nan ka li, ou ka achte l pou li. Liv sa disponib anliy
gratis.
2.
Poukisa paran m pa vle m renmen ?
Trè
souvan, timoun yo pa konprann rezon valab ki fè paran yo pa vle yo renmen. Nan
liv sa a, Jérôme tante konvenk adolesan an sou divès rezon ki ka fè paran l pa vle
san nou pa inyore bezwen santimantal la.
3.
Konfidans
Se
6 lèt yon papa ekri pitit fi li pou pale li sou renmen. Yon papa pa janm vrèman
pran tan pou di pitit li pawòl sa yo. Ebyen, yo nan ti liv sa a san sekrè.
4.
Se ou menm mwen chwazi !
Jèn
yo souvan poze kesyon sou kilès e kòman pou yo chwazi yon konjwen. Sou baz yon
tèks Mac Donald ak Cyril Brook, ekriven Jérôme eksplike 5 etap pou suiv, 4
kesyon pou poze ak 3 règ dò pou yon jèn fè yon bon chwa pou maryaj.
5. Eske fònikasyon ka
anpeche m sove ?
Fònikasyon
se peche majorite jèn kretyen yo pè. Poutan, se sa yo plis fè. Kifè, yo pa
souvan wè danje li gen ladan. Ebyen, nan liv sa a ekriven Jerôme montre rapò
fònikasyon ka genyen avèk sali yon nanm.
6. Pastè, mwen ansent!
Yon
jèn gason ap fòse menaj li ki se kretyen jete yon pitit. Li pa dakò. An menm
tan, plizyè moun legliz la panse se pastè a ki ansent li. Yon lòt kote, gen yon
jèn gason ki deside kouche yon lòt tifi akoz menaj li ki fèk konvèti pa dakò. Nan
istwa sa a, ekriven Jérôme ap montre danje ki gen nan fònikasyon ak enfidelite.
7.
Gwosès Avan Lè
Pi fò
jèn fi ki tonbe ansent avan yo marye pa t konnen kòman pou yo evite gwosès la
malgre yo te gen volonte a. Ekriven Jérôme mete ansanm ak enfimyè Love-Landie Dorsonne
pou pote enfòmasyon ak konsèy k ap ede jèn kretyen yo sitou evite gwosès ak
maryaj avan lè.
8.
Sa w dwe konnen avan w marye
Lè n ap byen obsève, nou wè twa pi gran koz maryaj se damou, enterè ak
gwosès. Kesyon devwa ak dwa konjwen yo pa twò prime. Poutan, lè gen konfli,
enfidelite ak tout sa li ka koze yo, nou rann nou kont madanm ak mari pa t byen
konprann angajman yo te pran an. Se sa ekriven Jérôme vin rakonte nan twa volim
liv sa a.
Whatsapp nimewo sa a si w ta renmen gen youn oswa tout liv sa yo: 4420-3053.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire