ENTWODIKSYON
Nan yon sans jeneral, pouvwa se kapasite pou
dirije ak kontwole. Se sa ki fè tout
moun ka gen pouvwa selon moun, gwoup oswa enstitisyon li responsab. Nan Legliz,
Leta kou nan Lekòl, tout lidè ak anplwaye gen pouvwa.
Pouvwa pèmèt ou
enfliyanse lòt moun suiv ou, tande w, aksepte w. Enfliyans sa a ka fèt atravè
pawòl, aksyon oswa abitid ou. Lè w ap pale, w ap fè aksyon, nan abitid ou, nan
fason w enfliyanse lòt moun suiv ou, tande w, aksepte w, se pouvwa ki pèmèt sa.
Timoun, jèn, fanm
kou gason, rich kou pòv gen pouvwa. Yon milyadè gen pouvwa, kliyan k ap konsome
pwodui l ap vann ak sèvis l ap bay gen pouvwa. Kidonk, lòm gen pouvwa, chak
vivan sou latè gen yon fason li ka egzèse li. Nan fè byen oswa nan fè mal. Nan pawòl oswa silans. Alò, pouvwa pa yon
mal, li net, menm jan ak kouto, dlo ak dife. Yo ka fè byen selon jan lòm itilize yo. Gen
yon pwovèb afriken ki di: « Pouvwa tankou
dife : li ka rechofe oswa detui, selon fason yo itilize l.»
Gen de sitiyasyon ki ka fè pouvwa
vin danje : lè sila ki genyen li an pa vle pèdi l akoz privilèj l ap jui
ak lè moun k ap sibi a deside revòlte. Konsa, li posib pou chak moun ki gen
pouvwa mal itilize li epi sila k ap sibi yo ka deside yon jou revòlte. Se pou
rezon sa a ki fè atout se Bondye ki bay gason otorite sou fanm, Levanjil pa kanpe
la. Bondye se premye egzanp antanke kreyatè ki montre byenfè pouvwa li nan
kreyasyon an, pwoteksyon ak padon li anvè lòm. Jezi ki te resevwa tout pouvwa
pa t janm itilize l kont disip li yo ni ènmi li yo. Devan aspirasyon de ladan
yo, li te aprann yo finalite pouvwa se sèvi. Li pa t sèlman di l, li te
demontre li nan ministè li ak lavi li.
Alò, kòman nou ka konprann otorite yon mari nan yon fwaye? Poukisa
gen tout opozisyon sa yo kont wòl mari a nan fwaye alòske pa genyen sou
pozisyon Jezi nan tèt Legliz la ? Èske sa tèlman enpòtan
pou konprann?
Marie Curie, premye fanm ki pran Prix Nobel
(1903,1911), te di: « Pa gen
anyen nan lavi pou pè, tout bagay dwe konprann. Se kounye a moman pou konprann
plis pou pè mwens.» Bò kote pa li, Confucius, filozòf chinwa, te di :
« Mwen pa chèche konnen repons yo, mwen
chèche konprann kesyon yo.» Lè nou konnen, daprè Peter Deunov, « Konprann yon bagay gen yon enpak sou lespri,
kè ak volonte yon moun », gen limyè sou wòl mari a nan fwaye kretyen
an nesesè. Paske, pou site André Gaston, « konprann se kòmansman akseptasyon.»
Nan
« KONPRANN SOUMISYON MADANM NAN FWAYE », nou eksplike wòl fanm nan pa
fè li enferyè devan mari l, se youn nan fonksyon apot Pòl konpare avèk Legliz
ki se kò Kris la. Konsa, pozisyon madanm nan mete valè sou li nan fwaye a.
Ebyen, nan « KONPRANN OTORITE MARI NAN FWAYE », nou pral gade ansanm
kisa otorite a ye, sous li, sans li, devwa mari a, imilite li ak kèk konsèy k
ap ede yo pran responsablite yo nan fwaye yo.
Bon
lekti !