lundi 9 juin 2025

Konprann soumisyon madanm nan fwaye

 


 Entwodiksyon

 

Soumisyon madanm kretyen nan fwaye, tankou anpil lòt sijè konjigal, toujou fè pawòl limen nan bouch, dwèt awoyo nan poste, pataje ak kòmante sou rezo sosyal yo ak lank koule sou papye. Kwayan ou pa, selibatè kou konjwen, gason kou fanm, nan legliz kou deyò, chak moun gen omwen yon mo pou plase, yon agiman pou jistifye pozisyon li. Se pa ti zen, se lòbèy depi w tande gen konferans ak etid biblik sou wòl fanm ak gason nan maryaj. Tout tèt zòrèy kanpe pou tande ak analize. Kesyon pa janm fin poze, repons pa janm fin bay, tan pa janm sifi reponn, oditè yo pa janm satisfè. Se toujou konsa e nan yon lòt okazyon, se menm kesyon yo ki pral poze. Petèt, se youn nan rezon ki fè w te deside louvri liv sa pou chache konnen opinyon otè a.

  Ebyen, chè lektè, m ap prezante w « KONPRANN SOUMISYON MADANM NAN FWAYE ». Jan tit la tou endike a, objektif li se fè kretyen yo konprann yon fanm ki soumèt pa yon esklav, yon domestik ; li pa enferyè ni san valè. Konsa tou, li la pou fè jèn gason selibatè yo ak mari konprann soumisyon fanm pa sinonim feblès, limitasyon nan pawòl ak travay nan kay. Nan 7 chapit tou kout, nou pral lite entèlektyèlman e espirityèlman kont tout move konsepsyon sou obeyisans fanm nan limyè Bib la. 

  Zanmi lektè, se vre de twa ti mo mwen yo ka pa sifi pou konble tout atant nou sou kesyon sila. Sepandan, yon lekti san aryèpanse ka mete nou pi prè douvan pòt laverite pou nou ka jwenn limyè k ap klere fanmi an.

 

 Bon lekti !

Jérôme D. Emerson

Senmak, desanm 2024

Konprann otorite mari nan fwaye

 


ENTWODIKSYON

 Nan yon sans jeneral, pouvwa se kapasite pou dirije ak kontwole. Se sa ki fè tout moun ka gen pouvwa selon moun, gwoup oswa enstitisyon li responsab. Nan Legliz, Leta kou nan Lekòl, tout lidè ak anplwaye gen pouvwa.

Pouvwa pèmèt ou enfliyanse lòt moun suiv ou, tande w, aksepte w. Enfliyans sa a ka fèt atravè pawòl, aksyon oswa abitid ou. Lè w ap pale, w ap fè aksyon, nan abitid ou, nan fason w enfliyanse lòt moun suiv ou, tande w, aksepte w, se pouvwa ki pèmèt sa. Timoun, jèn, fanm kou gason, rich kou pòv gen pouvwa. Yon milyadè gen pouvwa, kliyan k ap konsome pwodui l ap vann ak sèvis l ap bay gen pouvwa. Kidonk, lòm gen pouvwa, chak vivan sou latè gen yon fason li ka egzèse li. Nan fè byen oswa nan fè mal. Nan pawòl oswa silans. Alò, pouvwa pa yon mal, li net, menm jan ak kouto, dlo ak dife. Yo ka fè byen selon jan lòm itilize yo. Gen yon pwovèb afriken ki di: « Pouvwa tankou dife : li ka rechofe oswa detui, selon fason yo itilize l.»

 Gen de sitiyasyon ki ka fè pouvwa vin danje : lè sila ki genyen li an pa vle pèdi l akoz privilèj l ap jui ak lè moun k ap sibi a deside revòlte. Konsa, li posib pou chak moun ki gen pouvwa mal itilize li epi sila k ap sibi yo ka deside yon jou revòlte. Se pou rezon sa a ki fè atout se Bondye ki bay gason otorite sou fanm, Levanjil pa kanpe la. Bondye se premye egzanp antanke kreyatè ki montre byenfè pouvwa li nan kreyasyon an, pwoteksyon ak padon li anvè lòm. Jezi ki te resevwa tout pouvwa pa t janm itilize l kont disip li yo ni ènmi li yo. Devan aspirasyon de ladan yo, li te aprann yo finalite pouvwa se sèvi. Li pa t sèlman di l, li te demontre li nan ministè li ak lavi li.

            Alò, kòman nou ka konprann otorite yon mari nan yon fwaye? Poukisa gen tout opozisyon sa yo kont wòl mari a nan fwaye alòske pa genyen sou pozisyon Jezi nan tèt Legliz la ? Èske sa tèlman enpòtan pou konprann?

             Marie Curie, premye fanm ki pran Prix Nobel (1903,1911), te di: « Pa gen anyen nan lavi pou pè, tout bagay dwe konprann. Se kounye a moman pou konprann plis pou pè mwens.» Bò kote pa li, Confucius, filozòf chinwa, te di : « Mwen pa chèche konnen repons yo, mwen chèche konprann kesyon yo.» Lè nou konnen, daprè Peter Deunov, « Konprann yon bagay gen yon enpak sou lespri, kè ak volonte yon moun », gen limyè sou wòl mari a nan fwaye kretyen an nesesè. Paske, pou site André Gaston, « konprann se kòmansman akseptasyon

            Nan « KONPRANN SOUMISYON MADANM NAN FWAYE », nou eksplike wòl fanm nan pa fè li enferyè devan mari l, se youn nan fonksyon apot Pòl konpare avèk Legliz ki se kò Kris la. Konsa, pozisyon madanm nan mete valè sou li nan fwaye a. Ebyen, nan « KONPRANN OTORITE MARI NAN FWAYE », nou pral gade ansanm kisa otorite a ye, sous li, sans li, devwa mari a, imilite li ak kèk konsèy k ap ede yo pran responsablite yo nan fwaye yo.

            Bon lekti !

 

Pou lavi fleri: liv tou nèf ekriven Guten nan Vèrrèt


Yon kominote pa egziste sèlman paske l byen defini tèt li sou plan jewografik ak yon popilasyon atravè yon ansanm pratik. Men tou, se ki rapò, ki kalite lide ak ki modèl refleksyon moun sa yo ap pwodwi nan espas la, pou kenbe l djougan, pou mounite a ka respekte. Se nan menm kontèks sa a Vòltè (Votaire), yon filozòf fransè nan peryòd dizuityèm syèk (XVIII ͤ siècle) la nan yon pakèt refleksyon te vle fè n konprann se lide ki mennen mond lan.

 

Soti nan foutbòl, pase nan ansèyman, pou rive nan lakilti ak literati, Guten Rachad JEAN - BAPTISTE se youn nan talan ra ki distenge l de yon pakèt jenerasyon jenn fanm ak jenn gason kominote veresyèn nan an patikilye konnen pou n pa di tout peyi a an jeneral. Li pa janm sispann fè yon pakèt bèl refleksyon epi poze aksyon pozitif, dirab pou avansman kominote nou yo. Se yon nonm ki konsyan e ki kwè bagay yo pa dwe rete konsa.

 


Guten se yon nèg ki plen chapo nan plizyè domèn. Li se alafwa pwofesè, atis pent, womansye, powèt, elatriye. Pwezi l yo pafwa pote pawòl dous, pafwa pawòl piman pike tou pou dekri sitiyasyon malouk ak reyalite sosyal ak politik n ap viv chak jou nan peyi a.

 

Malgre vwayaj li nan peyi etranje, sa pa diminye menm yon yota sou li, li toujou rete yon ayisyen otantik, natifnatal. Li pa janm bliye okenn nan vizyon ak pwojè l yo pou kominote l ak peyi l. Okontrè, li enskri l nan yon pèspektiv pou l al chache deyò pou pote lakay menmjan an Japon ak dènye jenerasyon japonè yo sou anperè Mutso HITO ki t al pran tout kalite konesans an Amerik ak an Ewop pou vin devlope lakay yo.

 

Yon pwojè mèvèy pou yon komin Sitadèl, se dènye kout plim li pandan l nan tè etranje. Se yon mannyè pou l montre angajman l e pou l kontinye enplike l pi plis pou avansman kominote l. Nou ta swete pou bèl pwojè sa a fè chemen l. Se yon pwojè sosyete ki chita sou yon dal reyalite lakay marande ak sa li wè, sa l tande, e jan li konprann evolisyon mond lan ak tout nouvèl avanse yo sou plan teknolojik ak devlopmantal.

 

San n pa tòdje lang nou, otè a mennen nou nan yon demach istorik kote li limen pwojektè l sou twa peryòd. Pase, prezan ak fiti. Twò souvan, nou sèlman rakonte istwa peyi Dayiti nan tan pase, pandan nou bliye prezan ak fiti a. Nan sans sa a, Guten moutre n istwa n pa ka ap konjige sèlman nan tan pase. Nou ta ka sèvi ak pase a pou n konstui prezan nou e fè yon pwojeksyon alavni sou fiti a.

 

Nan pwojè sa a, otè a retire nou nan yon mond imajinè, li mete nou nan yon mond reyèl ak yon dal pwopozisyon si nou ta gen chans ekzekite yo n ap gen yon sosyete k ap pran chimen devlopman an trapde. Li retire nou nan itopi Platon an, li mennen nou nan reyalite Klod Soufran «Claude Souffrant» an, nan yon analiz pwospektiv kote tout fòmil defini klè e nèt. Pou sa, fòk gen enplikasyon ak mobilizasyon tout kouch nan sosyete a pou ka bay vrè rezilta n ap bezwen yo.

 

Pwojè sila a se yon pwojè wòdpòte nou pa jwenn souvan, Guten pote pou nou la a.

 

Pran plezi nan li l, epi mete men pou reyalize sa li avanse kòm pwopozisyon yo tou.

Elveus NAIS                                                                                                                                                                      Lisansye nan syans levasyon

Memoran nan Mastè,

nan Inivèsite Leta a «UEH / IERAH»;

dekonsè ak Inivèsite LAVAL KANADA.



L'art d'abreuver votre âme: préface du premier ouvrage de Steeve Regis.

 


Steeve Jerry Regis m'a fait le grand honneur de présenter son recueil de pensées intitulé " l'Art d'abreuver votre âme ". Ce livre est né dans un contexte mondial où l’homme se donne la peine de bien traiter leurs corps, de bien se nourrir et de s’habiller.  Pourtant, son âme est victime d'une extrême négligence.

 L'âme humaine, ce concept complexe et multidimensionnel est exploré sous de angles divers que ce soit par les philosophes, les psychologues et les théologiens. Elle mérite d'être bien traitée car elle est considérée comme l'essence immortelle de l'homme créée par Dieu. Elle est aussi le siège de la conscience morale, de la volonté et de la relation avec le divin.

 Conséquemment, cette âme qui est souvent oubliée, négligée mérite une attention particulière et un soin spécial. Et c'est ce que fait l'auteur, dans son recueil de pensées. Il interpelle les habitants de la terre, principalement celles et ceux qui le liront de se rappeler que l'homme ne vit pas seulement du manger et du boire.

 Abreuver son âme signifie tout simplement  faire boire son âme. Par cette Signification, nous sommes arrivés à comprendre que l'âme peut-être altérée tout comme le corps l'est très souvent. La question maintenant est de savoir comment l'âme peut-être désaltérée?

Si pour le corps, il est question  de liquides tels que l’eau, ou le jus, l'âme, qui est cette partie immatérielle et invisible de l'homme, a besoin d’autres breuvages. Steeve Jerry Regis, ce jeune intellectuel avisé, fervent serviteur du Dieu vivant, propose dans ce recueil, ce dont l'âme a véritablement pour être abreuvée dans toute son entièreté.

Ce livre, aussi modeste soit-il, mérite d'être lu et relu par tous : chrétiens, philosophes, politiciens, pour ne citer que ceux-là.

Ainsi chers lecteurs, je vous invite donc à vous plonger dans ces pages sans idées préconçues mais avec une saine curiosité et je vous assure que vous trouverez ce dont vous avez longtemps cherché. Votre âme sera sans nul doute abreuvée et ne sera plus jamais la même.

Pour finir, je suis du nombre de ceux qui croient que l'âme est digne d'un traitement  méticuleux.

Je présente mes sincères félicitations à Steeve Jerry Regis, mon petit frère d’alliance  pour ce travail remarquable qu'il a produit et présenté au lectorat du monde entier.

Succès !

 


 

 

              Jude Hanslor SERVIUS

             Juriste, théologien, écrivain!




jeudi 28 novembre 2024

8 liv ekriven Jérôme tout paran ta dwe achte pou pitit yo


"Tou li, tou konprann!" se eslogan Edisyon Petra k ap fè pwomosyon pou lang kreyòl atravè lekti ak etid. Jodi a, PETRA LIVRES pote yon atik k ap enfòme ou sou 8 liv ekriven Jérôme D. Emerson ekri pou ede jèn kretyen yo konprann e prepare fwaye yo. 

1.    Eske w prè pou renmen ?

 Yon ti liv pou sansibilize pitit ou sou danje ki gen nan renmen ak nesesite pou l tann. Depi timoun nan ka li, ou ka achte l pou li. Liv sa disponib anliy gratis.

 2.    Poukisa paran m pa vle m renmen ?


Trè souvan, timoun yo pa konprann rezon valab ki fè paran yo pa vle yo renmen. Nan liv sa a, Jérôme tante konvenk adolesan an sou divès rezon ki ka fè paran l pa vle san nou pa inyore bezwen santimantal la.

 3.    Konfidans

 



Se 6 lèt yon papa ekri pitit fi li pou pale li sou renmen. Yon papa pa janm vrèman pran tan pou di pitit li pawòl sa yo. Ebyen, yo nan ti liv sa a san sekrè.

 4.    Se ou menm mwen chwazi !



 Jèn yo souvan poze kesyon sou kilès e kòman pou yo chwazi yon konjwen. Sou baz yon tèks Mac Donald ak Cyril Brook, ekriven Jérôme eksplike 5 etap pou suiv, 4 kesyon pou poze ak 3 règ dò pou yon jèn fè yon bon chwa pou maryaj.

5.    Eske fònikasyon ka anpeche m sove ?

 

Fònikasyon se peche majorite jèn kretyen yo pè. Poutan, se sa yo plis fè. Kifè, yo pa souvan wè danje li gen ladan. Ebyen, nan liv sa a ekriven Jerôme montre rapò fònikasyon ka genyen avèk sali yon nanm.

 6.    Pastè, mwen ansent!

 Yon jèn gason ap fòse menaj li ki se kretyen jete yon pitit. Li pa dakò. An menm tan, plizyè moun legliz la panse se pastè a ki ansent li. Yon lòt kote, gen yon jèn gason ki deside kouche yon lòt tifi akoz menaj li ki fèk konvèti pa dakò. Nan istwa sa a, ekriven Jérôme ap montre danje ki gen nan fònikasyon ak enfidelite.  

 7.    Gwosès Avan Lè

 Pi fò jèn fi ki tonbe ansent avan yo marye pa t konnen kòman pou yo evite gwosès la malgre yo te gen volonte a. Ekriven Jérôme mete ansanm ak enfimyè Love-Landie Dorsonne pou pote enfòmasyon ak konsèy k ap ede jèn kretyen yo sitou evite gwosès ak maryaj avan lè.

 8.    Sa w dwe konnen avan w marye

 Lè n ap byen obsève, nou wè twa pi gran koz maryaj se damou, enterè ak gwosès. Kesyon devwa ak dwa konjwen yo pa twò prime. Poutan, lè gen konfli, enfidelite ak tout sa li ka koze yo, nou rann nou kont madanm ak mari pa t byen konprann angajman yo te pran an. Se sa ekriven Jérôme vin rakonte nan twa volim liv sa a.

 Whatsapp nimewo sa a si w ta renmen gen youn oswa tout liv sa yo: 4420-3053.

 

dimanche 3 novembre 2024

Eksplike mwen pou mwen konprann: entwodiksyon

 

ENTWODIKSYON


          
Youn nan deklarasyon ki toujou atire atansyon mwen nan kòmantè sou rezo sosyal yo nan seyans ansèyman se  : « Fòk ou gen dimansyon pou konprann sa k ap di la. » Mwen konn tande kèk kwayan, nan lavi reyèl la, di sa tou lè kesyònman ak opinyon yo konn kontrè oswa parèt biza. 

            Dimansyon y ap pale a, trè souvan, konsène Sentespri Bondye,  onksyon oswa rema ki se yon pawòl Bondye revele yon moun dirèkteman e pèsonèlman. Posiblite sa louvri pòt pou espirityalize anpil mo nan tèks biblik yo ki literal e favorize erè doktrinal. Se vre otè biblik yo itilize imaj ak senbòl ki mande kapasite espirityèl pou konprann men se pa yon règ k ap aplike nan tout Bib la. Pou yon tèks, konn li sifi pou konprann li. Pou yon lòt, kapasite entèlektyèl la nesesè, pou yon lòt ankò, se Bondye ki pou louvri lespri w pou sezi sans li (Lik 24.45) e pou anpil lòt, Bondye pa revele anyen. Se sa nou li nan Detewonòm 29.29.

Yon zanmi te di m yon fwa, si Bondye ban nou Bib la se paske li vle nou konnen volonte li ak plan li pou limanite. Se vre, men se nan menm Bib sa a, plizyè tèks montre limit nou nan konesans. Nou ka pran 1 Korent 13.9 ak 2 Pyè 3.16 ki pwouve sa. Kèk fwa, se nivo oditè yo ki lan pou konprann, jan otè a revele sa nan Ebre 5.11. Konsa tou, se Satan menm ki konn anpeche sa malgre semans la fèt (Matye 13.19) e lòt fwa, se objektif anseyan an tankou Jezi te fè sa (Matye 13.10-14). Matye 13.18, Travay 2.42, 8.31, 2 Timote 3.16 ak tandot vèsè montre klè se eskplikasyon ki fè moun konprann. Kidonk, gen yon Bib se byen, konprann li se pi byen e se sa ki esansyèl. Sinon, posede li t ap yon tikè pou lesyèl tèt dwat.

Nan Galat 4.22-31, apot Pòl montre Aga ak Sara se de (2) kontra diferan. Li di : « Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl[1]… ». Chaje lòt tèks nan Ansyen ak Nouvo Testaman ki gen imaj sa yo. Pami yo, nou ka jwenn dlo, kò, dife, van ak solèy. Men, se pa tout mo dlo ki se dlo pou bwè.Tout dife pa boule, tout solèy pa limyè ki klere latè.  

Nan kò imen an, otè yo itilize kèk pati pou fè pèsonifikasyon[2]: tèt, men, pye, je, zòrèy, lang... Koute sa ki di nan Ezayi 59.1[3]: « Non, la main de l'Éternel n'est pas trop courte pour sauver, ni son oreille trop dure pour entendre ». Bib kreyòl la tou fè entèpretasyon an[4]: « Non ! Se pa paske Senyè a manke fòs (sa main) ki fè l pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè (son oreille) ki fè li pa tande lè n ap lapriyè nan pye l ». Yon lide, yon konsèp, yon pati nan linivè a ka pèsonifye, tankou mo syèl nan Sòm 19.1 ki « …fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tout sa Bondye te fè ak men l.»

            Nan 1 Korent 3.6, apot Pòl di : « Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse ». Plante ka gen sans preche ak ansenye Levanjil (simen, parabòl nonm k ap simen an : Matye 13.4-8). Wouze ka gen sans priye, egzòte, raple, akonpanye moun ki te tande yon prèch epi pouse ka gen sans konvèti, sove, grandi nan lafwa.  

            Remak nou ka fè nan egzanp sa yo sèke pou nou konprann, nou bezwen eksplikasyon ki se wòl yon anseyan, yon entèprèt. Tout sa se pou montre lè yon kwayan gen don (pouvwa, kapasite, konpetans) pou eksplike yon vèsè, yon senbòl, yon verite, yon leson, yon doktrin biblik, ou menm k ap koute a pa bezwen dimansyon pou konprann. Travay anseyan an se eksplike pou moun k ap koute li yo konprann.

Èske yon ayisyen k ap tradui pou yon ameriken ka di ayisyen an pa gen nivo pou konprann si se li menm ki la pou byen entèprete pou l ka konprann?

Yon pwofesè pa ka bay elèv li leson ki pi wo pase nivo li, kou a p ap pase. Sof si li ta fè eksprè.  

Bondye kreye lòm avèk santiman, entèlijans ak volonte pou sèvi li. Malerezman, peche lakoz l ap viv lwen li men nati li pa chanje. Li toujou gen santiman, li ka reflechi pou konprann e li gen volonte pou deside pou kont li. Bondye pa vle pèsonn fòse aksepte Jezi ni ba li glwa. Aksepte Jezi se yon chwa, glorifye Bondye se rezilta a. Pakonsekan, fè yon moun pè pou l ka konvèti ak kwè san konprann se revoke libabit Bondye bay, fè Jezi pase pou enpostè epi meprize travay Sentespri a. Fòk gen bon jan detay ki respekte prensip ansèyman pou fòme kwayan yo.

Espirityalite ou pa retire imanite ou menm jan imanite Jezi pa t anpeche divinite li. Sentespri pa vin abite nan lavi ou pou fè w viv tankou moun san konprann. Dayè, se Bib la ki di : «…konnen kijan pou nou mennen tèt nou ! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann (Efezyen 5.15).» Jwenn bon jan eksplikasyon pou konprann se yon dwa e se devwa tout kwayan ki kwè li resevwa don espirityèl pou ansenye (montre) selon lòd nan Gran Komisyon an.

            Objektif EKSPLIKE MWEN POU MWEN KONPRANN se fè lektè Bib la, kretyen ou pa, moun k ap tande predikasyon ak suiv fòmasyon dekouvri enpòtans eksplikasyon pou konprann Levanjil. Enspirasyon an soti nan rankont Filip ak chèf Letyopi a sou wout pou ale Gaza (Travay 8.26-40). Devlòpman an divize nan sèt chapit, youn pi entrigan pase yon lòt.

Nan premye a, nou montre nesesite pou konprann nan fè wè relasyon ki genyen ant devwa pwofesè a ak dwa elèv la nan yon pwosesis aprantisaj.

Nan dezyèm chapit la, nou detaye kat nivo  konpreyansyon : literal, entèpretatif, kritik ak kreyatif. E nan twazyèm chapit la, nou pwopoze nèf mwayen pou jwenn limyè sou yon tèks biblik.

Nan katriyèm chapit la, nou fè yon kout je sou èmenetik biblik pou jistifye li nan Bib la, nou montre enpòtans yon entèprèt atravè kèk egzanp nan Bib la e nou bay detay sou twa objektif èmenetik ki se entèprete, konprann ak aplike.

Nan senkyèm chapit la, nou montre èmenetik se zouti Sentespri pou pwoteje nou kont erè doktrinal.

Nan sizyèm chapit la, nou reponn twa kesyon nan konvèsasyon Filip ak chèf la ki montre enpòtans kesyon pou konprann. Finalman, nan setyèm chapit la, nou bay katòz leson sou kesyon chèf la te poze Filip.

Se pou Bondye beni chak lektè ki pral mete tan pou fè lekti livrè sa !

Jérôme D. Emerson



[1] Français : allégorie. Se yon figi estil ki pèmèt ou prezante yon lide abstrè nan yon fason konkrè ak imaje. 

[2] Yon teknik literè pou fè objè (bagay), bèt ak lide abstrè yo (sa nou pa ka wè) pale.

[3] Bible Français Louis Segond, 1910.

[4] Anpil tèks fransè ki parèt difisil konn tou klarifye nan tradiksyon kreyòl la. Envès la konn posib tou.


REYAKSYON KEK LEKTE


 💬Nan liv sa a, Jérôme D. Emerson antre byen fon nan enpòtans  konpreansyon nan ansèyman biblik. Li itilize diferan tèks ak egzanp nan Bib la pou l montre kijan konprann pawòl Bondye a esansyèl. Travay sa a gen pou misyon fè lektè yo pi byen konprann sa yo li nan Bib la granmesi  zouti pratik avèk limyè Sentespri a.

Martine B. JÉRÔME / Etidyan nan Teyoloji Anliy nan STELA

💬 Se vre kreyòl se lang ayisyen,men pa gen anpil literati ki ekri nan lang kreyòl sitou domèn teyoloji. Jérôme D. Emerson fè yon bèl travay lè li prezante nou ouvraj sa ki trè senp men ki trè pwofon sou refleksyon èmenetik. 

Vladimir ISOPH ! / Teyolojyen, Pwofesè, Jounalis

💬  Antanke predikatè si w bezwen ansenye epi pou moun konprann ou, liv sa se yon zouti enpòtan k ap pèmèt ou ajoute plis bagay sou konesans ou. 

Almara SAINT-HILAIRE / Etidyan nan Teyoloji Anliy nan STELA

💬 Gen de bagay ki frape lespri mwen nan li liv sa a: se fason otè a rive konvenk mwen pou fè m konprann enpòtans ak nesesite pou fè moun konprann epi sajès ak konesans k ap degaje nan chak paj liv sa a ki edifye nanm mwen epi enstwi Lespri mwen. Liv sa a se yon zouti k ap travay konsyans moun pou yo aprann epi konprann pawòl Bondye a pou yo ka yon bon entèprèt pou lòt moun.

Jean Reynold JOSEPH / Teyolojyen, Pwofesè, Edikatè



5 etap pou abòde yon pwoblèm: Entwodiksyon ak kontni

 


ENTWODIKSYON

 Edisyon tou nèf

            Nou pè pwoblèm, pa gen manti nan sa. Mwen menm tou, men, omwen, lè yo vini mwen souvan chache konprann yo pou m ka jere yo. Gen ladan yo k ap rete, genyen ki prale e gen lòt k ap rezoud. Se chak jou sa rive.

Depi nou leve, n ap afwonte pwoblèm, n ap goumen kont yo. Pou nou soti, fòk nou benyen. Pou sa sèlman, nou ka jwenn plizyè pwoblèm: dlo, savon, sèvyèt, douch okipe, fredi, elatriye. Pou fè manje, lave ak fè menaj nan kay, pwoblèm yo toujou prezan. Se ka gaz, luil la fini, pa gen fab oswa kloròks oswa santibon an fini.

Nan kesyon koup, seliba kou maryaj, pwoblèm ap layite. Se tristès, absans, konfli, anvi, gwosès, akouchman ak lajan. Yo ka pa menm, men nan biznis, nan legliz, nan lekòl, se pwoblèm: lajan, devwa, egzamen, kabiran, demon, chète, defisi, pou nou site sa yo sèlman.


Alò, kilès ki pa janm gen pwoblèm ? Kilès ki pa rezoud yon pwoblèm menm pou yon fwa nan lavi l ? E kilès pwoblèm pa fè kriye, dezespere e, pafwa, pou kèk lòt, anvi tiye tèt yo ? Djakout Mizik, yon gwoup Konpa Dirèk te chante pou di : « Chak moun g on pwoblèm ».

Ebyen, « 5 ETAP POU ABÒDE YON PWOBLÈM » se yon metòd ki pwopoze 5 etap pou suiv chak fwa gen yon pwoblèm, pèsonèl oswa kolektif, ki dwe rezoud. Se yon gid pou tout lidè k ap travay pou moun viv byen youn ak lòt, paran k ap fè fas ak pwoblèm nan fwaye ak lidè nan kominote yo. Byen li pou konprann !

 

Jérôme Dorsonne Emerson


KONTNI LIV LA

Premye pati

 

                                I.            Kout je sou pwoblèm

                             II.            Atitid nou anfas pwoblèm

Dezyèm pati

5 ETAP POU ABÒDE YON PWOBLÈM

 

Etap 1 : Idantifye pwoblèm nan

Etap 2 : Chache koz pwoblèm nan

Etap 3 : Panse sou konsekans pwoblèm nan

Etap 4 : Idantifye viktim ak benefisyè pwoblèm nan

Etap 5 : Pwopoze solisyon pou pwoblèm nan


Twazyèm pati



                               I.            Metòd pou abòde pwoblèm

                            II.            Kèk sitasyon sou pwoblèm

 








Konprann soumisyon madanm nan fwaye

    Entwodiksyon   Soumisyon madanm kretyen nan fwaye, tankou anpil lòt sijè konjigal, toujou fè pawòl limen nan bouch, dwèt awoyo nan p...