jeudi 28 novembre 2024

8 liv ekriven Jérôme tout paran ta dwe achte pou pitit yo


"Tou li, tou konprann!" se eslogan Edisyon Petra k ap fè pwomosyon pou lang kreyòl atravè lekti ak etid. Jodi a, PETRA LIVRES pote yon atik k ap enfòme ou sou 8 liv ekriven Jérôme D. Emerson ekri pou ede jèn kretyen yo konprann e prepare fwaye yo. 

1.    Eske w prè pou renmen ?

 Yon ti liv pou sansibilize pitit ou sou danje ki gen nan renmen ak nesesite pou l tann. Depi timoun nan ka li, ou ka achte l pou li. Liv sa disponib anliy gratis.

 2.    Poukisa paran m pa vle m renmen ?


Trè souvan, timoun yo pa konprann rezon valab ki fè paran yo pa vle yo renmen. Nan liv sa a, Jérôme tante konvenk adolesan an sou divès rezon ki ka fè paran l pa vle san nou pa inyore bezwen santimantal la.

 3.    Konfidans

 



Se 6 lèt yon papa ekri pitit fi li pou pale li sou renmen. Yon papa pa janm vrèman pran tan pou di pitit li pawòl sa yo. Ebyen, yo nan ti liv sa a san sekrè.

 4.    Se ou menm mwen chwazi !



 Jèn yo souvan poze kesyon sou kilès e kòman pou yo chwazi yon konjwen. Sou baz yon tèks Mac Donald ak Cyril Brook, ekriven Jérôme eksplike 5 etap pou suiv, 4 kesyon pou poze ak 3 règ dò pou yon jèn fè yon bon chwa pou maryaj.

5.    Eske fònikasyon ka anpeche m sove ?

 

Fònikasyon se peche majorite jèn kretyen yo pè. Poutan, se sa yo plis fè. Kifè, yo pa souvan wè danje li gen ladan. Ebyen, nan liv sa a ekriven Jerôme montre rapò fònikasyon ka genyen avèk sali yon nanm.

 6.    Pastè, mwen ansent!

 Yon jèn gason ap fòse menaj li ki se kretyen jete yon pitit. Li pa dakò. An menm tan, plizyè moun legliz la panse se pastè a ki ansent li. Yon lòt kote, gen yon jèn gason ki deside kouche yon lòt tifi akoz menaj li ki fèk konvèti pa dakò. Nan istwa sa a, ekriven Jérôme ap montre danje ki gen nan fònikasyon ak enfidelite.  

 7.    Gwosès Avan Lè

 Pi fò jèn fi ki tonbe ansent avan yo marye pa t konnen kòman pou yo evite gwosès la malgre yo te gen volonte a. Ekriven Jérôme mete ansanm ak enfimyè Love-Landie Dorsonne pou pote enfòmasyon ak konsèy k ap ede jèn kretyen yo sitou evite gwosès ak maryaj avan lè.

 8.    Sa w dwe konnen avan w marye

 Lè n ap byen obsève, nou wè twa pi gran koz maryaj se damou, enterè ak gwosès. Kesyon devwa ak dwa konjwen yo pa twò prime. Poutan, lè gen konfli, enfidelite ak tout sa li ka koze yo, nou rann nou kont madanm ak mari pa t byen konprann angajman yo te pran an. Se sa ekriven Jérôme vin rakonte nan twa volim liv sa a.

 Whatsapp nimewo sa a si w ta renmen gen youn oswa tout liv sa yo: 4420-3053.

 

dimanche 3 novembre 2024

Eksplike mwen pou mwen konprann: entwodiksyon

 

ENTWODIKSYON


          
Youn nan deklarasyon ki toujou atire atansyon mwen nan kòmantè sou rezo sosyal yo nan seyans ansèyman se  : « Fòk ou gen dimansyon pou konprann sa k ap di la. » Mwen konn tande kèk kwayan, nan lavi reyèl la, di sa tou lè kesyònman ak opinyon yo konn kontrè oswa parèt biza. 

            Dimansyon y ap pale a, trè souvan, konsène Sentespri Bondye,  onksyon oswa rema ki se yon pawòl Bondye revele yon moun dirèkteman e pèsonèlman. Posiblite sa louvri pòt pou espirityalize anpil mo nan tèks biblik yo ki literal e favorize erè doktrinal. Se vre otè biblik yo itilize imaj ak senbòl ki mande kapasite espirityèl pou konprann men se pa yon règ k ap aplike nan tout Bib la. Pou yon tèks, konn li sifi pou konprann li. Pou yon lòt, kapasite entèlektyèl la nesesè, pou yon lòt ankò, se Bondye ki pou louvri lespri w pou sezi sans li (Lik 24.45) e pou anpil lòt, Bondye pa revele anyen. Se sa nou li nan Detewonòm 29.29.

Yon zanmi te di m yon fwa, si Bondye ban nou Bib la se paske li vle nou konnen volonte li ak plan li pou limanite. Se vre, men se nan menm Bib sa a, plizyè tèks montre limit nou nan konesans. Nou ka pran 1 Korent 13.9 ak 2 Pyè 3.16 ki pwouve sa. Kèk fwa, se nivo oditè yo ki lan pou konprann, jan otè a revele sa nan Ebre 5.11. Konsa tou, se Satan menm ki konn anpeche sa malgre semans la fèt (Matye 13.19) e lòt fwa, se objektif anseyan an tankou Jezi te fè sa (Matye 13.10-14). Matye 13.18, Travay 2.42, 8.31, 2 Timote 3.16 ak tandot vèsè montre klè se eskplikasyon ki fè moun konprann. Kidonk, gen yon Bib se byen, konprann li se pi byen e se sa ki esansyèl. Sinon, posede li t ap yon tikè pou lesyèl tèt dwat.

Nan Galat 4.22-31, apot Pòl montre Aga ak Sara se de (2) kontra diferan. Li di : « Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl[1]… ». Chaje lòt tèks nan Ansyen ak Nouvo Testaman ki gen imaj sa yo. Pami yo, nou ka jwenn dlo, kò, dife, van ak solèy. Men, se pa tout mo dlo ki se dlo pou bwè.Tout dife pa boule, tout solèy pa limyè ki klere latè.  

Nan kò imen an, otè yo itilize kèk pati pou fè pèsonifikasyon[2]: tèt, men, pye, je, zòrèy, lang... Koute sa ki di nan Ezayi 59.1[3]: « Non, la main de l'Éternel n'est pas trop courte pour sauver, ni son oreille trop dure pour entendre ». Bib kreyòl la tou fè entèpretasyon an[4]: « Non ! Se pa paske Senyè a manke fòs (sa main) ki fè l pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè (son oreille) ki fè li pa tande lè n ap lapriyè nan pye l ». Yon lide, yon konsèp, yon pati nan linivè a ka pèsonifye, tankou mo syèl nan Sòm 19.1 ki « …fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tout sa Bondye te fè ak men l.»

            Nan 1 Korent 3.6, apot Pòl di : « Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse ». Plante ka gen sans preche ak ansenye Levanjil (simen, parabòl nonm k ap simen an : Matye 13.4-8). Wouze ka gen sans priye, egzòte, raple, akonpanye moun ki te tande yon prèch epi pouse ka gen sans konvèti, sove, grandi nan lafwa.  

            Remak nou ka fè nan egzanp sa yo sèke pou nou konprann, nou bezwen eksplikasyon ki se wòl yon anseyan, yon entèprèt. Tout sa se pou montre lè yon kwayan gen don (pouvwa, kapasite, konpetans) pou eksplike yon vèsè, yon senbòl, yon verite, yon leson, yon doktrin biblik, ou menm k ap koute a pa bezwen dimansyon pou konprann. Travay anseyan an se eksplike pou moun k ap koute li yo konprann.

Èske yon ayisyen k ap tradui pou yon ameriken ka di ayisyen an pa gen nivo pou konprann si se li menm ki la pou byen entèprete pou l ka konprann?

Yon pwofesè pa ka bay elèv li leson ki pi wo pase nivo li, kou a p ap pase. Sof si li ta fè eksprè.  

Bondye kreye lòm avèk santiman, entèlijans ak volonte pou sèvi li. Malerezman, peche lakoz l ap viv lwen li men nati li pa chanje. Li toujou gen santiman, li ka reflechi pou konprann e li gen volonte pou deside pou kont li. Bondye pa vle pèsonn fòse aksepte Jezi ni ba li glwa. Aksepte Jezi se yon chwa, glorifye Bondye se rezilta a. Pakonsekan, fè yon moun pè pou l ka konvèti ak kwè san konprann se revoke libabit Bondye bay, fè Jezi pase pou enpostè epi meprize travay Sentespri a. Fòk gen bon jan detay ki respekte prensip ansèyman pou fòme kwayan yo.

Espirityalite ou pa retire imanite ou menm jan imanite Jezi pa t anpeche divinite li. Sentespri pa vin abite nan lavi ou pou fè w viv tankou moun san konprann. Dayè, se Bib la ki di : «…konnen kijan pou nou mennen tèt nou ! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann (Efezyen 5.15).» Jwenn bon jan eksplikasyon pou konprann se yon dwa e se devwa tout kwayan ki kwè li resevwa don espirityèl pou ansenye (montre) selon lòd nan Gran Komisyon an.

            Objektif EKSPLIKE MWEN POU MWEN KONPRANN se fè lektè Bib la, kretyen ou pa, moun k ap tande predikasyon ak suiv fòmasyon dekouvri enpòtans eksplikasyon pou konprann Levanjil. Enspirasyon an soti nan rankont Filip ak chèf Letyopi a sou wout pou ale Gaza (Travay 8.26-40). Devlòpman an divize nan sèt chapit, youn pi entrigan pase yon lòt.

Nan premye a, nou montre nesesite pou konprann nan fè wè relasyon ki genyen ant devwa pwofesè a ak dwa elèv la nan yon pwosesis aprantisaj.

Nan dezyèm chapit la, nou detaye kat nivo  konpreyansyon : literal, entèpretatif, kritik ak kreyatif. E nan twazyèm chapit la, nou pwopoze nèf mwayen pou jwenn limyè sou yon tèks biblik.

Nan katriyèm chapit la, nou fè yon kout je sou èmenetik biblik pou jistifye li nan Bib la, nou montre enpòtans yon entèprèt atravè kèk egzanp nan Bib la e nou bay detay sou twa objektif èmenetik ki se entèprete, konprann ak aplike.

Nan senkyèm chapit la, nou montre èmenetik se zouti Sentespri pou pwoteje nou kont erè doktrinal.

Nan sizyèm chapit la, nou reponn twa kesyon nan konvèsasyon Filip ak chèf la ki montre enpòtans kesyon pou konprann. Finalman, nan setyèm chapit la, nou bay katòz leson sou kesyon chèf la te poze Filip.

Se pou Bondye beni chak lektè ki pral mete tan pou fè lekti livrè sa !

Jérôme D. Emerson



[1] Français : allégorie. Se yon figi estil ki pèmèt ou prezante yon lide abstrè nan yon fason konkrè ak imaje. 

[2] Yon teknik literè pou fè objè (bagay), bèt ak lide abstrè yo (sa nou pa ka wè) pale.

[3] Bible Français Louis Segond, 1910.

[4] Anpil tèks fransè ki parèt difisil konn tou klarifye nan tradiksyon kreyòl la. Envès la konn posib tou.


REYAKSYON KEK LEKTE


 💬Nan liv sa a, Jérôme D. Emerson antre byen fon nan enpòtans  konpreansyon nan ansèyman biblik. Li itilize diferan tèks ak egzanp nan Bib la pou l montre kijan konprann pawòl Bondye a esansyèl. Travay sa a gen pou misyon fè lektè yo pi byen konprann sa yo li nan Bib la granmesi  zouti pratik avèk limyè Sentespri a.

Martine B. JÉRÔME / Etidyan nan Teyoloji Anliy nan STELA

💬 Se vre kreyòl se lang ayisyen,men pa gen anpil literati ki ekri nan lang kreyòl sitou domèn teyoloji. Jérôme D. Emerson fè yon bèl travay lè li prezante nou ouvraj sa ki trè senp men ki trè pwofon sou refleksyon èmenetik. 

Vladimir ISOPH ! / Teyolojyen, Pwofesè, Jounalis

💬  Antanke predikatè si w bezwen ansenye epi pou moun konprann ou, liv sa se yon zouti enpòtan k ap pèmèt ou ajoute plis bagay sou konesans ou. 

Almara SAINT-HILAIRE / Etidyan nan Teyoloji Anliy nan STELA

💬 Gen de bagay ki frape lespri mwen nan li liv sa a: se fason otè a rive konvenk mwen pou fè m konprann enpòtans ak nesesite pou fè moun konprann epi sajès ak konesans k ap degaje nan chak paj liv sa a ki edifye nanm mwen epi enstwi Lespri mwen. Liv sa a se yon zouti k ap travay konsyans moun pou yo aprann epi konprann pawòl Bondye a pou yo ka yon bon entèprèt pou lòt moun.

Jean Reynold JOSEPH / Teyolojyen, Pwofesè, Edikatè



5 etap pou abòde yon pwoblèm: Entwodiksyon ak kontni

 


ENTWODIKSYON

 Edisyon tou nèf

            Nou pè pwoblèm, pa gen manti nan sa. Mwen menm tou, men, omwen, lè yo vini mwen souvan chache konprann yo pou m ka jere yo. Gen ladan yo k ap rete, genyen ki prale e gen lòt k ap rezoud. Se chak jou sa rive.

Depi nou leve, n ap afwonte pwoblèm, n ap goumen kont yo. Pou nou soti, fòk nou benyen. Pou sa sèlman, nou ka jwenn plizyè pwoblèm: dlo, savon, sèvyèt, douch okipe, fredi, elatriye. Pou fè manje, lave ak fè menaj nan kay, pwoblèm yo toujou prezan. Se ka gaz, luil la fini, pa gen fab oswa kloròks oswa santibon an fini.

Nan kesyon koup, seliba kou maryaj, pwoblèm ap layite. Se tristès, absans, konfli, anvi, gwosès, akouchman ak lajan. Yo ka pa menm, men nan biznis, nan legliz, nan lekòl, se pwoblèm: lajan, devwa, egzamen, kabiran, demon, chète, defisi, pou nou site sa yo sèlman.


Alò, kilès ki pa janm gen pwoblèm ? Kilès ki pa rezoud yon pwoblèm menm pou yon fwa nan lavi l ? E kilès pwoblèm pa fè kriye, dezespere e, pafwa, pou kèk lòt, anvi tiye tèt yo ? Djakout Mizik, yon gwoup Konpa Dirèk te chante pou di : « Chak moun g on pwoblèm ».

Ebyen, « 5 ETAP POU ABÒDE YON PWOBLÈM » se yon metòd ki pwopoze 5 etap pou suiv chak fwa gen yon pwoblèm, pèsonèl oswa kolektif, ki dwe rezoud. Se yon gid pou tout lidè k ap travay pou moun viv byen youn ak lòt, paran k ap fè fas ak pwoblèm nan fwaye ak lidè nan kominote yo. Byen li pou konprann !

 

Jérôme Dorsonne Emerson


KONTNI LIV LA

Premye pati

 

                                I.            Kout je sou pwoblèm

                             II.            Atitid nou anfas pwoblèm

Dezyèm pati

5 ETAP POU ABÒDE YON PWOBLÈM

 

Etap 1 : Idantifye pwoblèm nan

Etap 2 : Chache koz pwoblèm nan

Etap 3 : Panse sou konsekans pwoblèm nan

Etap 4 : Idantifye viktim ak benefisyè pwoblèm nan

Etap 5 : Pwopoze solisyon pou pwoblèm nan


Twazyèm pati



                               I.            Metòd pou abòde pwoblèm

                            II.            Kèk sitasyon sou pwoblèm

 








lundi 11 mars 2024

Lis liv GRATIS nan PETRA


Pou pèmèt plis moun, sitou kretyen yo, li pou dekouvri, ekriven Jérôme Dorsonne Emerson pibliye plizyè liv gratis pou tout moun nan tout monn lan. Nan lis sa a, w ap jwenn tout liv ki disonib yo. Chak fwa youn disponib, li ajoute. Konsa, ou ka toujou retounen pou gade si gen nouvo tit.


1. Zèl nanm

2. Rèl Dezespwa

3. Refleksyon sou lidèchip kretyen

4. Que dois-je faire?

5. Mil pawòl

6. Konviksyon

7. Etid Biblik Pèsonè, #1

8. Eske fònikasyon ka anpeche m sove?

9. Dirije avèk sajès



Dieu de l'univers, l'ouvrage de Jean Reynold sur l'existence de Dieu


Basé sur la raison et la foi, nous démontrons que Dieu n'est pas une illusion mais une réalité. Nous recourons principalement à la rationalité, car nombre de ceux qui doutent de l'existence de Dieu rejettent également la Bible. Il est impossible de leur persuader autrement que par la logique et la science. Ensuite, ceux qui ont une foi profonde en Dieu par le biais de la Bible peinent à le prouver sans cette référence. 

Dans un premier temps, nous abordons la croyance en Dieu chez les hommes pré-philosophiques et nous interrogeons les raisons de cette croyance. Après l'avènement de la philosophie, nous examinons comment les philosophes et les athées remettent en question l'existence réelle de Dieu, le considérant comme une illusion. Nous analysons ensuite cinq de leurs arguments les plus redoutables, susceptibles de semer le doute quant à l'existence de Dieu, notamment "Qui a créé Dieu ? D'où vient Dieu ?" 

Nous présentons ensuite des preuves rationnelles, scientifiques, logiques et bibliques démontrant l'existence de Dieu. À l'intérieur de ce sujet principal, nous développons deux autres vérités très intéressantes que quiconque cherche la vérité devrait lire. Nous démontrons historiquement et archéologiquement l'existence réelle de Jésus sur Terre, puis nous démontrons logiquement et scientifiquement que la Bible n'est pas une œuvre purement humaine. 

Editions Petra

Vente signature pour bientôt!

dimanche 3 mars 2024

Se yon tewolojyen ki te tradui Bib w ap sèvi a!

 

Anpil moun kwè etid tewoloji se pou pastè yo sèlman. Gen lòt ki di yo pa bezwen etidye tewoloji paske se koze raketè, pwofesyonèl filozofi oswa lojik. Se yon erè ki grav anpil anpil lè nou konnen se tewoljyen ki te tradui Bib Louis Segond an tout moun sa yo ap itilize. Ebyen, nan kad travay sansibilizasyon tewolojyen Jérome Dorsonne Emerson ap fè, li te mete avèk plizyè aspiran nan tewoloji pou tradui atik sa a nan lang kreyòl W ap jwenn vèsyon fransè a sou Wikipedia.

Si ou ta pran tan ou li l pou w konprann, w ap rann ou kont nivo inyorans ki ka anpeche ou konn verite ak valorize tewolojyen yo nan tout travay y ap fè nan legliz la. Tout kretyen ta dwe etidye tewoloji, malerezman, yo fè yo konnen se zafè pastè sèlman. Li byen epi pa bliye pataje l bay lòt moun ki pa ta konprann sa. 

Louis Segond

Louis Segond, ki fèt 3 me 1810 nan Plainpalais e ki te mouri 18 jen 1885 nan Jenèv, te yon pastè pwotestan ak teyolojyen Swis. Ant 1874 ak 1880, li te tradui Bib la an fransè soti nan vèsyon ebre ak grèk yo. Se li menm nou rele Bib Segond an.



Jenès ak fòmasyon Louis Segond 

Louis Segond te fèt nan Plainpalais, yon vil ki te vin tounen yon distri nan Jenèv (Lasuis). Li te soti nan yon fanmi modès. Papa l  te yon Katolik orijin fransè ki te sèvi nan lame Napoleyon an e ki te dirije yon boutik soulye nan “Rue de la Croix-d'Or” nan Jenèv. Manman li te moun Jenèv ak pwotestan. Tou de pitit gason koup la te batize nan Legliz Pwotestan nan Jenèv.



An 1826, Segond te enskri nan Akademi Jenèv kote li te etidye syans natirèl ak medsin. Answit, li te deside etidye teyoloji. Li te fè sa nan fakilte tewoloji pwotestan nan Estrasbou. Pandan etid li, li te genyen yon konpetisyon Konpayi Pastè Jenèv te òganize sou tèm “Dogme de l’immortalité de l’ame” pami Ebre yo. Nan 1834, li te soutni yon tèz bakaloreya nan tewoloji ak yon etid kritik sou Liv Rit la epi li te pran yon pòs pastoral nan Jenèv.

Nan lane 1835, li te bay yon etid kritik e ekzegetik nan liv Eklezyas la pou tèz tewoloji lisans li ak yon travay nan lang laten sou reprezantasyon Vetyo-Testamantè Sheol. Answit, nan lane 1836, li te defann yon tèz doktora nan teyoloji ki te rele “De la nature de l’inspiration chez les auteurs et dans les écrits du Nouveau Testament”. 

Karyè pwofesyonèl Louis Segond 

Nan lane 1836, li te fonde nan vil Jenèv yon sosyete ekzejèz nan Nouvo Testaman an ki te egziste jiska 1841. Ant 1838 ak 1840, li te prepare kou gratis sou istwa lang ebre a (1838) ak sou entèpretasyon liv Jenèz la (1839-1840). 

An 1840, li te konsakre pastè nan pawas Chêne-Bougeries, toupre Jenèv,  kote li te egzèse ministè pastoral li pandan vennkat lane, pandan l ap kontinye fè rechèch sou lang ebre ak Ansyen Testaman an. Li sitou pibliye, an 1841, “Traité élémentaire des accents hébreux”; an 1856, “La Géographie de la Terre sainte”e an 1864, Krestomati Biblik la ki se yon bouyon tradiksyon konplè Bib la. Apre sa, li te konsakre tèt li nan anseye ebre biblik ak Ansyen Testaman an nan Akademi Jenèv la.

Tradiksyon Ansyen Testaman an.

Nan mwa Jiyè 1864, li te demisyone nan fonksyon pawas li yo epi li te mete tèt li a dispozisyon Konpayi Pastè Jenèv la ki te vle yon nouvo tradiksyon Ansyen Testaman an, ki te dwe fidèl ak tèks orijinal yo ak ekri nan yon lang aktyèl.  Li te siyen yon akò ak Konpayi Pastè Jenèv la ki te endike travay tradiksyon Ansyen Testaman an ta fini nan sis lane. Nan fen chak ane, li ta fè rapò sou pwogrè li, pandan y ap gen dènye mo nan evènman remak soti nan Konpayi pastè. Apre li fin kalkile kantite vèsè li pral gen pou l tradui chak jou, Louis Segond kòmanse travay. Tradiksyon li an te fini nan fen 1871, sepandan, piblikasyon an te fèt tikras pa tikras. Vèsyon konplè a, ki te soti an 1874, te pibliye an 1873 nan edisyon Cherbuliez. Li te repibliye an 1910 ak Nouvo Testaman an pa Sosyete Labib Britanik ak Etranje anba tit "La Sainte Bible par Louis Segond, docteur en théologie, d’après les textes originaux hébreux et grec”. 

Nouvo Testaman tradiksyon ak ansèyman

Nan 1872, Louis Segond te vin pwofesè lang ebre ak ekzegèz nan Ansyen Testaman nan Fakilte Teyoloji Pwotestan nan Estrasbou. Li te antreprann, sou baz edisyon kritik Constantin Tischendorf, tradiksyon Nouvo Testaman an. 



Levanjil Matye a te pibliye an 1878, Levanjil Jan an 1879 epi finalman, tout Nouvo Testaman an te parèt an 1880 pa Éditions Cherbuliez. Premye piblikasyon tradiksyon Ansyen Testaman an te soti nan dat 1874. Tou (2) te pibliye nan yon sèl volim pou premye fwa nan Oxford an 1880. Pandan yon syèk, li te referans nan Protestantis fransè a.



Nou dwe Louis Segond tou tradiksyon monològ Schleiermacher yo ki te pibliye nan okazyon santenè nesans Friedrich Schleiermacher, an 1868. 300,000 kopi yo te pibliye ant 1880 ak 1910.

Sous: Wikipedia

Tradiksyon: PINTH/EBP mas 2024





Eske fònikasyon ka anpeche m sove? Liv la gratis!




Nan sa ki konsène levanjil, lè yo pale de sove (delivre), yo pale de peche ki se danje ki fè Jezi te vin mouri pou delivre tout moun ki kwè nan li. Bib la di : « Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l delivre yo » (Lik 19.10).

Non sèlman Jezi te vin chache pechè yo, li te vin sove yo tou. Sepandan, tout pechè li jwenn yo p ap sove paske sove se yon chwa chak moun ka fè, se pa yon obligasyon. Ou ka vle wete yon moun nan yon danje, li pa deside (Mak 16.15-16). 

Menm jan an, Bondye pa fòse moun sove men li itilize pasyans pou li tann, san li pa swete lanmò moun sa (Ezekyèl 18.23 ; 2 Pyè 3.9). Alò, èske yon moun, swadizan kretyen, ka sove si l nan fònikasyon? 

Repons la nan liv sa. Ou ka li l gratis. Peze la👉 Eske fònikasyon ka anpeche m sove?

Lòt liv ki disponib gratis!!!!


Peze la👉KONVIKSYON




Peze la👉 Que dois-je faire?


Peze la👉Zel nanm


                                                                       Peze la👉Mil pawòl


Peze la👉Rel Dezespwa


Konprann soumisyon madanm nan fwaye

    Entwodiksyon   Soumisyon madanm kretyen nan fwaye, tankou anpil lòt sijè konjigal, toujou fè pawòl limen nan bouch, dwèt awoyo nan p...