lundi 4 mars 2024

Dirije avèk sajès: Liv la konplè e gratis.

 


Plizyè prensip ka motive yon lidè kretyen nan yon legliz oswa nan sektè evanjelik la: konesans, pouvwa, enterè, tradisyon ak renmen pou Bondye.

Lidè konesans motive a vle aplike tout sa li te aprann pou li ka byen dirije. Liv li te li, seminè li te suiv, sètifika ak diplòm li te dekwoche, opinyon yon otè li pi apresye; tout sa yo domine lidèchip li. Menmsi anpil fwa pa gen rezilta satisfezan nan inisyativ l ap pran, li kontinye chita sou konesans li pou avanse.

Lidè pouvwa motive a pa sispann gade sou otorite li, pozisyon li ki pouse li fè sa li vle. Li pa sousye de erè li ka fè, enpak negatif desizyon li ka fè e menm kritik pa ka fè li chanje ide. Dayè, li prè pou abize pouvwa li pou jwenn tout sa li dezire wè, konnen, di ak fèt.

Lidè enterè motive a, sitou lajan, prè pou fè tout bagay depi li ka jwenn sa li bezwen an. Li pa pè sanksyone, revoke depi enterè li menase. Nenpòt moun ki ka finanse li ka kòmande li. Tout moun ki pa nan enterè li se potansyèl ènmi.

Lidè tradisyon motive a menm chita sou tout sa ki te konn fèt avan menmsi yo pa bay rezilta. Sa ki ensansyèl se rete fidèl avèk tradisyon an pou li ka montre tout bagay ap byen mache. Sou pwen sa a, Rick Warren di : « Fraz yo pi renmen nan legliz tradisyon motive a se ‘’Nou te toujou fè l konsa’’ ». Lidè sa a ka pami moun k ap plenyen yo pandan se li menm ki pou deside deklannche chanjman an. Li pè pou pa gen soulèvman kont li osinon pou li pa pèdi pozisyon li ak enfliyans li.  

Lidè renmen pou Bondye motive a dirije pou fè Bondye plezi, menm lè se nan dezavantaj li. Li aji tankou Bondye t ap aji. Se travay l ap fè a ki pi enpòtan, se pa pozisyon oswa tit. Li pa dekouraje akoz kritik, dekourajman, echèk, sanksyon, akizasyon ak barikad. Li toujou jwenn okazyon pou sèvi Bondye, anndan oswa deyò legliz.

Nenpòt motivasyon ou ta genyen pami sila ou sot li yo, w ap bezwen sajès pou dirije. Sayil pa t ap janm imajine Bondye te ka detwone li pou dezobeyisans. David te panse li te ka pwofite pouvwa li san peye konsekans. Anpil nan lidè popilè ki te kite ògèy mennen yo pa t panse sajès te dwe pi bon zanmi yo.   

Gen plizyè rezon pou yon lidè kretyen dirije avèk sajès :

1.      Bondye gen sajès depase tout saj nan monn lan e nan tout tan avan ak aprè (1 Korent 3.19[1]).

2.      Lòm di, panse e planifye sa li konnen men se nan men Bondye desizyon an ye akoz lòm pa ka konnen kilè l ap mouri (Pwovèb 19.21)

3.      Anpil lidè ki byen fòme sou lidèchip pa ka reyisi nan ministè yo (2 Timote 2.22).

4.      Anpil prensip nan lidèchip chita sou konesans ak eksperyans lòm, yo pa biblik ni evanjelik ki fè yo pa toujou efikas (Mak 7.8-9, 10.35-45).

5.      Lavi a se yon lekòl, pèsonn pa janm fin aprann (Tit 2.3-4). Plis yon lidè ap fè eksperyans, plis l ap aprnn.

6.      Sa yon lidè panse ki bon pa toujou sa k ap fè Bondye plezi (Ezayi 55.8-9).

7.      Pa gen yon lidèchip inivèsèl pou tout legliz lokal lè nou konsidere divès doktrin nan Krisyanis la, chak zòn, chak asanble ka nesesite yon lidèchip diferan selon reyalite l ap fè fas.  

8.      Gen pwoblèm se pa lajan, konesans, tradisyon ak pouvwa ki ka rezoud li, se sajès.

 

« DIRIJE AVÈK SAJÈS » se yon nouvo gid pou evalye efikasite lidèchip kretyen parapò avèk vizyon Jezi pou transfòmasyon ak devlopman tout kwayan.

 

Se pou chak lektè ki konsakre tan pou li liv sa a jwenn tout plis limyè, plis sajès, plis kouraj ak plis sans responsabilite nan travay Senyè a.

Jérôme Dorsonne Emerson

Ekriven

Li liv la gratis nan lyen sa a:DIRIJE AVEK SAJES



[1] Tout referans yo pa jistifye rezon yo. Majorite se pou ilistre.

Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...