jeudi 4 avril 2024

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

 

 Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se pa yon jwèt.

Depi gen moun, fòk gen lidè e tout lidè bezwen moun pou li dirije. Se youn nan prensip fondamantal. Toutfwa, dirije pa ka yon senp dezi pou gen pouvwa, okipe yon pozisyon pou kòmande. Gen de rezon ki fè sa: dirije se sèvi lòt moun epi kolabore avèk Bondye pou reyisi. Ekriven Jim L. Winson pale sou yo nan liv “Pastoral Ministry in the Real World: loving, Teaching and Leading God’s People”: “Antanke yon ministè, lidèchip se sèvi lòt moun. Sonje ministè se patisipe avèk Bondye epi kolabore avèk pèp li a pou sèvi lòt moun pou satisfè bezwen yo, akonpli apèl nou an, epi pote glwa pou Bondye”.

Yon lidè kretyen ki pa konnen li se yon sèvitè ka tante e menm oze mete li nan plas Bondye pou domine. Ò, lidèchip li se yon mwayen Bondye itilize moun pou akonpli volonte li. Se sa ki fè pozisyon pa fè li vin yon mèt. Moun w ap dirije yo bezwen wè Bondye, vrè lidè yo a, nan ou, nan pawòl ou, nan aksyon ou, nan vizyon ou, nan metòd ou. Anreyalite, se pa ou y ap suiv, se Bondye menm jan Moyiz t ap mennen pèp la. Pouvwa, lajan ak popilarite ou genyen ka ba ou enpresyon ou se Bondye tou men se pa vre, ou p ap janm plis pase li. Dotanplis, tout moun ki te jwenn yon misyon gen pou fini. Jezi, sou kwa a, te di : « Tout sa ki pou te rive rive ! (Tout est accompli)». Pòl te di : « Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen… » (2 Timote 4.7). 

Chak fwa ou santi lògèy ka gonfle ou, desann ou pou glorifye Bondye. Se li menm ki tout bagay la. Se li menm k ap aji nan ou. Se li menm k ap atire tout kolaboratè bò kote w. Trete yo byen, ankadre yo, konseye yo, gide yo, korije yo epi kite pouvwa Bondye itilize yo nan mezi li vle.

Sou kesyon sa a, gen lidè ki kwè pozisyon yo ka pèdi akoz yon lòt manm ki gen yon kapasite ekstraòdinè. Mwen kwè yon vrè lidè ki rete nan wout Bondye te trase a p ap fè kalite sousi sa.  Premyeman, okenn lidè ki ta pi popilè nan monn evanjelik la pa premye sèvitè Bondye te chwazi. Kidonk, byento, yon lòt ap siksede li. Dezyèman, Bondye toujou gen lòt sèvitè pou fè relèv. Twazyèman, lidè a prale men travay li ap rete. Fas reyalite sa a, sa ki pi enpòtan pou yon lidè se fè travay li nan tan, jenerasyon, peryòd, okazyon li genyen an. Paske, bon oswa move, listwa gen pou pale de li. E se konsa, moun nan tout syèk k ap vini yo, p ap sispann pale, ekri ak preche sou modèl lidèchip Neyemi, Jezi ak Pòl. Yo te konsakre lavi yo pou tach yo. Kontrèman, Adan, Sayil ak Jida rete pami non yo souvan itilize pou pale de move lidèchip. Alò, ki kalite achiv, leson ak bon zèv ou vle kite lè travay ou fini.

Chak moun ki vle vin lidè ta dwe reflechi pou konnen sous motivasyon li. Kilès ki te ankouraje ou, konseye ou okipe plas ou vize a ? Èske se Bondye ki te chwazi ou ? Ou sèten se yon chaj ou gen pou pote ? Sa se kesyon ki mande sajès pou reponn. Se pa jis yon dezi pou parèt lidè oswa vin fè pati lidèchip asanble ou a. Se pa nonplis yon santiman reziyasyon oswa bon kè pou ede Bondye.

Dirije, se pa yon plezi ; se yon pasyon, yon fado, yon chaj, yon misyon pou akonpli, yon lòt lavi pou viv, yon defi pou leve. Depi gen misyon, pa gen kapris, chwa pa m, volonte m ki pou pase, vizyon pa m ki bon, fason pa m ki bon. Se yon lekòl ki pa gen vakans. Menm nan dòmi, w ap dirije. Yo mèt pa tande vwa w, silans ou ap pale. Absans kou prezans ou enfliyanse. Angwo, se plis pase sa w p ap janm imajine lè w vin lidè.

Yon lidè kretyen pa yon mèt menm jan avèk Jezi. Se Jezi ki Mèt la, Mèt li, li menm se elèv la e youn nan atant Bondye se pou l fè lòt lidè. Se Jezi ki Chèf siprèm nan, li menm se yon chèf delege, yon sèvitè ki jwenn yon manda. Se Jezi ki gen vizyon an, li menm l ap travay chak jou pou reyalize li. 

Nan lidèchip, rezon pi enpòtan pase dezi. Sa ou anvi fè, genyen ak wè pa toujou sa ki rezonab la. Angwo, se pa sa Bondye toujou vle a. Ou ka toujou wè se sa ki lojik la, sa ki dwe fèt la e fason li dwe fèt men dirije pa yon egzèsis pèsonèl ni klanik. Ou te resevwa yon misyon, ou gen yon responsablite.

Yon ministè pa yon antrepriz pèsonèl ni familyal menm lè  gen lidè k ap dirije tankou se te sa. Gen yon seri tandans ki fè panse gen anpil legliz ki plis legliz pastè yo pase yo pou Jezi  (Matye 16.18). Yo pa gen Jezi pou modèl. Pi rèd ankò, ajisman yo plis eskandalize legliz la pase yo glorifye non Bondye (1 Korent 10.31).

Antanke lidè, ou se yon misyonè, ou gen yon travay pou fè. Se pa yon jwèt manje tè ni yon pastan. Ankò plis yon enpozisyon. Li posib pou dezi ou domine kapasite refleksyon ou, lojik ou, pwojè ou, apwòch ou, konpòtman ou, repons ou. Si sa pèsiste, li ka vin yon mòdvi ki elwanye ou sou vrè chemen an chak jou san rann kont.

Pa kwè tout sa ou reve se volonte Bondye. Se ka panse ou k ap domine ou. Pa konfonn sa ou wè ak sa Bondye bezwen ou fè. Se pa menm bagay. Poutan, trè souvan, se sa ou vle fè a ki se dezi ou. W ap ka fè diferans la lè ou REFLECHI sou pwen sa yo chak fwa ou nan yon sitiyasyon ki mande pou ou DESIDE. 

Li posib pou dezi ki nan ou a se yon flach sou nesesite pou vin lidè men pa kite dezi sa a mennen w sèlman. Panse sou motivasyon ou. Fè Bondye sonde kè ou. Priye Bondye sou sa. Paske, pi devan, lè tout bagay va klè, li ka twò ta pou fè bak e abandon ou ap fè plis mal pase byen.

Jérôme Dorsonne Emerson

DIRIJE AVÈK SAJÈS

Edisyon nimerik 2024

Paj 24-29

 

 

Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...