vendredi 8 mars 2024

REFLEKSYON SOU LIDECHIP KRETYEN| Liv la gratis!


 Depi gen moun k ap suiv ou, ou se yon lidè. Fanm oswa gason, iletre kou save, rich oswa pòv, kèlkeswa nasyonalite ou, depi yo tande lè ou pale, ou se yon lidè nan yon nivo. Ou pa bezwen etidye lidèchip pou yon papye sètifye lidèchip ou, ou se yon lidè kote w ap dirije a. Legliz pa oblije òdone ou ni enstale ou pou yo rele ou « lidè ». Se ou y ap gade ak tande paske ou se yon gid, yon menè, yon siperyè, yon motivatè, yon enfliyansè, yon responsab, yon direktè, yon sèvo, yon patwon, yon mèt, yon otorite ; ou se tèt la, yon kòmandan, ou se chèf ki la pou bay direksyon pou tout moun pran, lòd pou tout moun koube. 

Antanke lidè, ou ka yon paran, yon pitit, yon timoun, yon jèn, yon granmoun, yon senp predikatè, yon dyak, yon pastè, yon dirijan kilt, yon maestwo, yon monitè, yon elèv, yon pwofesè, yon evanjelis,…Lidè yo se prezidan lajenès, prezidan gwoup ak koral, responsab selil yo, chak manm ki gen yon responsablite nan yon depatman nan Legliz la. Depi yon moun ka pran oswa egzekite yon desizyon, li se yon lidè.  

Yon lidè ka egzèse lidèchip li nan Legliz (lidè kretyen), nan yon relijyon (lidè relijye), nan yon kominote kretyen an (lidè kretyen), nan yon zòn (lidè kominotè), sou rezo sosyal yo (enfliyansè, pèsonalite piblik), nan politik (lidè politik), nan espò (lidè espòtif), nan biznis oswa komès (lidè ekonomik). Gen lidè nan medya, nan lekòl ak nan tout kalite domèn, epòk ak espas nan lavi. Tout kote ki gen moun nesesite yon lidè e tout lidè bezwen yon gwoup moun pou dirije. Depi ou itil, ou gen yon talan, yon kalite, yon konpetans, yon gwoup moun bezwen ou, ou ka vin yon lidè.

Li tout liv la konplè isit la: REFLEKSYON SOU LIDECHIP KRETYEN


Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...