jeudi 4 avril 2024

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

 

 Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se pa yon jwèt.

Depi gen moun, fòk gen lidè e tout lidè bezwen moun pou li dirije. Se youn nan prensip fondamantal. Toutfwa, dirije pa ka yon senp dezi pou gen pouvwa, okipe yon pozisyon pou kòmande. Gen de rezon ki fè sa: dirije se sèvi lòt moun epi kolabore avèk Bondye pou reyisi. Ekriven Jim L. Winson pale sou yo nan liv “Pastoral Ministry in the Real World: loving, Teaching and Leading God’s People”: “Antanke yon ministè, lidèchip se sèvi lòt moun. Sonje ministè se patisipe avèk Bondye epi kolabore avèk pèp li a pou sèvi lòt moun pou satisfè bezwen yo, akonpli apèl nou an, epi pote glwa pou Bondye”.

Yon lidè kretyen ki pa konnen li se yon sèvitè ka tante e menm oze mete li nan plas Bondye pou domine. Ò, lidèchip li se yon mwayen Bondye itilize moun pou akonpli volonte li. Se sa ki fè pozisyon pa fè li vin yon mèt. Moun w ap dirije yo bezwen wè Bondye, vrè lidè yo a, nan ou, nan pawòl ou, nan aksyon ou, nan vizyon ou, nan metòd ou. Anreyalite, se pa ou y ap suiv, se Bondye menm jan Moyiz t ap mennen pèp la. Pouvwa, lajan ak popilarite ou genyen ka ba ou enpresyon ou se Bondye tou men se pa vre, ou p ap janm plis pase li. Dotanplis, tout moun ki te jwenn yon misyon gen pou fini. Jezi, sou kwa a, te di : « Tout sa ki pou te rive rive ! (Tout est accompli)». Pòl te di : « Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen… » (2 Timote 4.7). 

Chak fwa ou santi lògèy ka gonfle ou, desann ou pou glorifye Bondye. Se li menm ki tout bagay la. Se li menm k ap aji nan ou. Se li menm k ap atire tout kolaboratè bò kote w. Trete yo byen, ankadre yo, konseye yo, gide yo, korije yo epi kite pouvwa Bondye itilize yo nan mezi li vle.

Sou kesyon sa a, gen lidè ki kwè pozisyon yo ka pèdi akoz yon lòt manm ki gen yon kapasite ekstraòdinè. Mwen kwè yon vrè lidè ki rete nan wout Bondye te trase a p ap fè kalite sousi sa.  Premyeman, okenn lidè ki ta pi popilè nan monn evanjelik la pa premye sèvitè Bondye te chwazi. Kidonk, byento, yon lòt ap siksede li. Dezyèman, Bondye toujou gen lòt sèvitè pou fè relèv. Twazyèman, lidè a prale men travay li ap rete. Fas reyalite sa a, sa ki pi enpòtan pou yon lidè se fè travay li nan tan, jenerasyon, peryòd, okazyon li genyen an. Paske, bon oswa move, listwa gen pou pale de li. E se konsa, moun nan tout syèk k ap vini yo, p ap sispann pale, ekri ak preche sou modèl lidèchip Neyemi, Jezi ak Pòl. Yo te konsakre lavi yo pou tach yo. Kontrèman, Adan, Sayil ak Jida rete pami non yo souvan itilize pou pale de move lidèchip. Alò, ki kalite achiv, leson ak bon zèv ou vle kite lè travay ou fini.

Chak moun ki vle vin lidè ta dwe reflechi pou konnen sous motivasyon li. Kilès ki te ankouraje ou, konseye ou okipe plas ou vize a ? Èske se Bondye ki te chwazi ou ? Ou sèten se yon chaj ou gen pou pote ? Sa se kesyon ki mande sajès pou reponn. Se pa jis yon dezi pou parèt lidè oswa vin fè pati lidèchip asanble ou a. Se pa nonplis yon santiman reziyasyon oswa bon kè pou ede Bondye.

Dirije, se pa yon plezi ; se yon pasyon, yon fado, yon chaj, yon misyon pou akonpli, yon lòt lavi pou viv, yon defi pou leve. Depi gen misyon, pa gen kapris, chwa pa m, volonte m ki pou pase, vizyon pa m ki bon, fason pa m ki bon. Se yon lekòl ki pa gen vakans. Menm nan dòmi, w ap dirije. Yo mèt pa tande vwa w, silans ou ap pale. Absans kou prezans ou enfliyanse. Angwo, se plis pase sa w p ap janm imajine lè w vin lidè.

Yon lidè kretyen pa yon mèt menm jan avèk Jezi. Se Jezi ki Mèt la, Mèt li, li menm se elèv la e youn nan atant Bondye se pou l fè lòt lidè. Se Jezi ki Chèf siprèm nan, li menm se yon chèf delege, yon sèvitè ki jwenn yon manda. Se Jezi ki gen vizyon an, li menm l ap travay chak jou pou reyalize li. 

Nan lidèchip, rezon pi enpòtan pase dezi. Sa ou anvi fè, genyen ak wè pa toujou sa ki rezonab la. Angwo, se pa sa Bondye toujou vle a. Ou ka toujou wè se sa ki lojik la, sa ki dwe fèt la e fason li dwe fèt men dirije pa yon egzèsis pèsonèl ni klanik. Ou te resevwa yon misyon, ou gen yon responsablite.

Yon ministè pa yon antrepriz pèsonèl ni familyal menm lè  gen lidè k ap dirije tankou se te sa. Gen yon seri tandans ki fè panse gen anpil legliz ki plis legliz pastè yo pase yo pou Jezi  (Matye 16.18). Yo pa gen Jezi pou modèl. Pi rèd ankò, ajisman yo plis eskandalize legliz la pase yo glorifye non Bondye (1 Korent 10.31).

Antanke lidè, ou se yon misyonè, ou gen yon travay pou fè. Se pa yon jwèt manje tè ni yon pastan. Ankò plis yon enpozisyon. Li posib pou dezi ou domine kapasite refleksyon ou, lojik ou, pwojè ou, apwòch ou, konpòtman ou, repons ou. Si sa pèsiste, li ka vin yon mòdvi ki elwanye ou sou vrè chemen an chak jou san rann kont.

Pa kwè tout sa ou reve se volonte Bondye. Se ka panse ou k ap domine ou. Pa konfonn sa ou wè ak sa Bondye bezwen ou fè. Se pa menm bagay. Poutan, trè souvan, se sa ou vle fè a ki se dezi ou. W ap ka fè diferans la lè ou REFLECHI sou pwen sa yo chak fwa ou nan yon sitiyasyon ki mande pou ou DESIDE. 

Li posib pou dezi ki nan ou a se yon flach sou nesesite pou vin lidè men pa kite dezi sa a mennen w sèlman. Panse sou motivasyon ou. Fè Bondye sonde kè ou. Priye Bondye sou sa. Paske, pi devan, lè tout bagay va klè, li ka twò ta pou fè bak e abandon ou ap fè plis mal pase byen.

Jérôme Dorsonne Emerson

DIRIJE AVÈK SAJÈS

Edisyon nimerik 2024

Paj 24-29

 

 

DAS 6: Se pa OU menm sèlman

 


Yon lidè prensipal pa sèl moun Bondye chwazi pou dirije yon ministè. Se pa li menm ki oblije wè tout bagay, konn tout bagay, otorize tout moun travay. Dwe gen yon sistèm ki jere travay chak kolaboratè tankou yon kò fonksyone. Je a fè travay li san anpeche bouch la pale. Apot Pòl pran egzanp kò a pou montre kòman Jezi òganize Legliz la pou misyon sèvitè yo ka akonpli (1 Korent 12.14-30). 

Trè souvan, gen ouvriye yo rele "Ti lidè" akoz li pa gen gwo enfliyans nan asanble a parapò travay l ap fè tankou vizite, priye, netwaye, anseye timoun. Epi gwo lidè yo se plis ouvriye yo plis konnen, ki konn preche, anseye e ki plis fòme akademikman oswa teolojikman. Poutan, gade sa Pòl di sou menm imaj kò a: "Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè."(1 Korent 12.22). Nan premye chapit la, li te di tou: "Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l fè grannèg yo wont. Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k ap viv dapre lide ki nan lemonn” (1 Korent 1.27-28). 

Gen lòt moun Bondye mete pou finanse pwojè k ap bon pou yon ministè. Sajès dwe fè ou konnen epi konprann sa. Pou nou pa di pa gen yon lidè ki janm konsa, an nou di pou yon lidè ka pi byen dirije, li ta dwe evite domine nan tout sa ki fondamantal yo, tankou : konsèy, lajan, konesans, gid, sipèvizyon. Dayè, plis ou bay lòt moun travay, se plis ou gen kontwòl pwosesis k ap mennen nan rezilta final la. Se sa ki fè, nan anpil ka, lidè prensipal la bezwen sipèvize. Li bay chak moun wòl ak travay yo, l ap enspekte epi li jwenn rapò ki pi konsekan yo. Li pa bezwen okouran de tout ti detay. Pou sa, li dwe gen konfyans nan ekip l ap dirije a.

Mwen tande souvan lidè k ap plenyen pou yon pwojè ki pa ka reyalize akoz li koute twòp lajan. Se pa saj paske antanke lidè, ou ka fè yon pwojè men se Bondye k ap touche kè moun pou kolabore nan estriktire li ak finanse li. Nonsèlman, lajan an pa oblije soti nan pòch lidè a, lidè a pa oblije moun ki konn kòman pou jwenn li. Gen moun ki gen kapasite pou fè motivasyon an. Li dwe itil. 

Anplis, pwojè a pa dwe kanpe paske lidè a pa vle mande lajan. Lespri Bondye bay manm li vle don pou bay. Kòman  l ap fè pratike l si li pa jwenn opòtinite? Poukisa n ap sèvi yon gwo Bondye epi nou pa ka fè ni reyalize gwo pwojè? Se paske sistèm lidèchip ki anplas la pa favorize manm ki gen don yo travay. 

Mwen panse konsta sa se youn nan konsekans sa yo: divizyon, fè wè, konfli. Tout rezime enpòtans oswa absans travay ekip. Pòl te gen manchèt pou l fouye tou plante, Apolòs te gen so pou tire dlo wouze chak maten (1 Korent 3.6). Inite ki te nan yo a te pèmèt yo fè bon rekòlt granmesi Bondye. 

Yon lòt lide ankò sou sa se "egoyis" : anpil lidè pa renmen pataje vizyon yo, menm aprè yo fin asire yo sou tout sa yo pral fè. Poutan, lide ou genyen an soti nan Bondye, kolaboratè ou yo ap travay pou Bondye, se nòmal pou nou pataje epi mete ansanm pou nou reyalize l. Pwojè ou pa oblije fèt jan ou panse li a. Yon lòt sèvitè ka korije li, planifye li epi egzekite li. Sa ki pi enpòtan, Bondye te itilize ou pou lanse lide a. 

Nou ka pran egzanp Neyemi an. Se pa t li menm ki te fè lide rebati miray Jerizalèm yo nan sans Bondye pa t konnen. Dayè, li te yon sèvitè Bondye, kòman pou panse li pa soti nan Bondye ? Kisa yon sèvitè Bondye ka fè ki bon e ki fè Bondye plezi ki pa soti nan Bondye ? Sajès Salomon pa t soti nan nati li, se te pouvwa Bondye ki t ap aji nan li. Pouvwa Pòl te genyen pou geri pa t soti nan li, se Bondye ki t ap aji nan li. Li te yon sèvitè.

Sans mo "sèvitè" a vle di kretyen an ap rann Bondye sèvis. Li pa ka fè ni panse anyen ki pa soti nan Bondye paske Lespri Bondye nan li. Kifè, vizyon Bondye ba w pa dwe rete sekrè. Ou pa dwe pè nonplis pou yo pa vòlè li paske se li menm k ap mete moun avèk ou pou konkretize li. Tout moun te konnen misyon Bondye te bay Jezi, malgre tout obstak li te reyalize l (Lik 19.10). Pòl pa t gen yon misyon sekrè (Travay 9.15), e li te konkretize li (2 Timote 4.7). Tout glwa a pa t pou Pòl, se te pou Bondye.

Pastè yon legliz pa oblije yon teolojyen lisansye pou yo rekonèt li se lidè prensipal. Pa gen yon prensip nan Bib la ki mande pou yon moun etidye teoloji pou li gen yon don espirityèl. Se Lespri Bondye a ki bay yo (Efezyen 4.11). Mwen byen di « lisansye » puiske gen divès mwayen yon sèvitè ka gen konesans biblik san li pa t resevwa yon diplòm.

Gade sa farawon an te fè lè Bondye te itilize Jozèf pou revele epi entèprete rèv ki t ap toumante li a. Li te tou itilize Jozèf pou fè travay la. Li pa t anvye li pou don Bondye te ba li, okontrè, li te pwofite sa pou byen gouvènman li an (Jenèz 41:1-57; 42:1-8; 50:20). Ebyen, se konsa, si ou pa ka fè yon travay akoz enkonpetans oswa endisponiblite ou (menmsi ou pa dwe endisponib), se pou ou chwazi lòt moun Bondye mete nan ministè a ki kapab (2 Timote 2.2). Tradisyon ka fè ou panse se pa byen, men Bondye mete moun pou ede ou tankou Jetwo te ede Moyiz. Se pa dyab la sèlman k ap panse pou devye ou menm jan li te fè pou Amnon. Chaje volontè pou kolabore, ou pa pou kont ou.

Si gen yon jèn ki se kontab, legliz la dwe itilize li nan domèn li pou avansman. Anpil inivèsitè te ka monitè lekòl dimanch. Mwen raple m monitè klas nouvo konvèti m te ye nan Legliz Batis Kafou, (Cote-Plage 18),  te yon etidyan nan teoloji. Yon teolojyen pa oblije yon pastè paske anseyan se yon don espirityèl ki site nan menm pasaj la : Efeyzne 4.11. Legliz ak lekòl dominikal timoun yo ak jèn yo bezwen monitè konpetan pou dirije yo? 

Bib la klè sou ansèyman don yo : « Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k ap fèt » (1 Korent 12.6). Gen divès kalite travay nan sèvis la : kidonk, se pa lidè prensipal la sèlman Bondye chwazi. Se pa li menm sèlman Bondye ka itilize. Se yon erè lè yon lidè ta kwè li se sèl kòk chante, pèsonn pa pi konnen ni pi saj pase li. Menm Bondye ki omnipotan travay avèk lòm ki pi fèb la. Li menm ki konn tout bagay itilize moun ki pakonn anyen pou fè travay pèsonn pa t ap ka fè nan pouvwa natirèl li. Li ka fè tout bagay men li itilize lòm pou kolabore. Li tout kote alafwa men li voye lòm preche nan tout monn lan, chak nan zòn pa yo. Bondye plis pase yon modèl, li enkonparab.

Yon lòt egzanp sou chwa Bondye fè se Moyiz ak bòpè li Jetwo. Bondye pa t rele Jetwo nan nivo Moyiz men li te itilize li pou konseye Moyiz. Ou ka imajine yon nonm ki se bon zanmi Bondye pa jwenn yon flach sou metòd l ap administre ki pa efikas? Ebyen, Jetwo te yon sèvitè Bondye tou, Bondye te itilize li. Sa pa vle di Bondye pa t wè Moyiz te bezwen chanje estrateji. Se li menm menm ki te pase nan Jetwo pou fè sa. Konsa, tout moun ki nan yon ministè se zouti Bondye. 

Yon lidè prensipal pa dwe etone si Bondye chwazi yon senp manm pou pale avèk li, bay yon revelasyon pou legliz la, gen yon lide ekstraòdinè. Lespri Bondye ki nan yon sèvitè dwe rekonèt travay l ap fè nan tout kolaboratè l yo. Apot Pòl te rekonèt sa (1 Korent 3.6).

Ankò, se Pòl Senyè a te chwazi pou yon misyon espesyal men Bondye te mete plizyè lòt moun bò kote li, Apolòs se youn ladan yo. M ap fini pou repete pawòl sa : Pa gen sipè sèvitè Bondye. Nenpòt kretyen ki kwè sa p ap ka jwenn rezilta k ap fè Bondye plezi paske Bondye chwazi tout kalite moun pou fè tout kalite sèvis pou li. 

Ou ka yon gran lidè men pa janm kwè se ou sèlman Bondye rele pou travay pou li. Grandè ou dwe glorifye pouvwa Bondye. Gade bò kote w, reflechi, priye, eseye paske pwoblèm ministè a ap andire a gen solisyon men se pa fòseman ou menm ki pou rezoud li. Pa janm bliye granmounte Bondye pa sèlman nan chwa li te fè de ou, li nan chwa li ka fè de lòt moun tou pou ede ou. 

Jérôme Dorsonne Emerson

DIRIJE AVÈK SAJÈS

Edisyon nimerik 2024

Paj 33-39

 

 

DAS 5: Ou RESPONSAB

 


 

Diktati, enkonpetans, neglijans, mank konfyans se kèk nan repwòch yo fè lidè kretyen yo. Mwen, repwòch pa m nan se ESKIZ : yon lidè pi fasil jwenn yon pawòl pou jistifye iresponsablite li, echèk nan ministè li ak konpòtman kolaboratè ak advèsè li yo pase li jwenn motivasyon pou li rete fidèl nan tach li. Pafwa, ou ta poze kesyon sila : « Poukisa yon moun ki pa gen tan aksepte yon travay ki mande tan ? »

Li trè difisil pou jwenn yon lidè k ap chache konnen rezon ki fè…

1.                  Tout sa li fè pa reyisi malgre tout sa li planifye

2.                  Gen opozisyon kont li malgre li gen bon entansyon ak volonte pou travay

3.                  Yo pa respekte li malgre yo konnen se li ki responsab

4.   Manm ap kite asanble a san li pa okouran

5.  Yo pa fè li konfyans nan kesyon pouvwa, seksyalite oswa lajan

6.  Li pa gen otorite sou fidèl yo malgre pozisyon li

7.  Yo plis kritike li pase felisite li pou travay li

Si se Bondye ki te ba ou yon misyon epi se eskiz w ap chache pou montre enkapasite ou pou akonpli li, sa vle di…

1.      Ou se yon move sèvitè. Tankou Jezi te di : « Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa !.. » (Matye 25.26)

2.      Ou pa bay misyon an enpòtans.

3.      Ou pa t resevwa apèl la toutbon.

4.      Bondye te fè yon move chwa.

5.      Bondye pa ka ede ou reyisi.

6.      Ou anpeche yon lòt moun travay nan plas ou a.

7.      Ou p ap travay nan plas ou.

Alò, ki santiman fyète ki ka anime yon lidè ki pa ka bay rezilta nan misyon li? Èske li ka kontinye deklare se Bondye ki te angaje  li pandan li pa ka fè travay pou li? Sajès mande reflechi.

Ou se yon lidè responsab. Se devwa ou pou dirije men fason ou dirije ka vin yon obstak nan ministè ou e menm pou repitasyon ou puiske enfliyans yon lidè kretyen pa limite nan legliz la sèlman. Li ale kote li pa ta janm imajine. Gen moun k ap suiv ou, pawòl ou, akyon ou, nenpòt jès ou fè konte. Sa pa vle di pou ou santi ou pa lib pou pale ak aji men chak fwa ou gen chans reflechi avan, toujou fè pi bon chwa a.

            Se pa lè moman yo difisil pou ou vle abandone. Se pa nan konfli yo pou sispann dyaloge, priye, pran pasyans e sipòte. Chak fwa ou gen chans tande yon konsèy, analize li epi fè sa ki pi bon an. Chak fwa ou ka sove anba kòlè ou, regrè ou, endinyasyon ou, dezespwa ou, fè sa paske se ou ki responsab. Se ou ki te chwazi. Se ou yo te bay tèt la.

 

Jérôme Dorsonne Emerson

DIRIJE AVÈK SAJÈS

Edisyon nimerik 2024

Paj 15-17

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

DAS 4: INITE pa rezilta OTOMATIK

 



            Nan « L’art de diriger en équipe », Sam Doherty ekri : « Inite pa otomatik. Se pa li menm ki fèt pou kont li».  Antanke lidè prensipal, ou bezwen konprann sa paske de (2) pi gwo pwoblèm ki genyen nan travay pou inite se 1) kwè lapriyè ka fè moun mete tèt ansanm san volonte lòm epi 2) tout moun dwe konprann tout bagay menm jan. Se sa ki fè, depi gen opozisyon, opozan yo pase pou sèvitè Satan. Poutan, se pa vre. Dayè, nan Matye 18.19, tèt ansanm se yon kondisyon lapriyè egzose.

            Avan nou ale pi lwen, an nou fè yon lòt kòmantè sou lapriyè Jezi te fè a (Jan 17.21). Li pa t sèlman priye epi li t ap tann Bondye vin mete inite a pami disip yo. Koute sa li te di yo avan sa : « Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman yo » (Jan 14.15). Obeyi Jezi ale pi lwen pase yon senp santiman anvè li. Li pa sifi pou di ou renmen li antanke Sovè, li bezwen obeyisans ou antanke Mèt tou. Kidonk, menm lè ou ka jwenn sa w ap mande nan lapriyè, egzanp inite, pa bliye tout sa Jezi mande pou fè pou jwenn li. Paske, inite pa yon mirak tankou yon moun ki malad ki bezwen kwè pou Jezi geri l. Si se te vre, tout legliz t ap ini.

Malgre Pòl te jwenn yon apèl dirèk, fòme dirèkteman nan men Jezi (Galat 1.12), li t ap travay pou gen inite pami kretyen yo (1 Korent 3.3-9). Nou konstate tou se menm fidèl yo ki te sous oswa enstriman divizyon an puiske se yo ki te vle klanize sèvitè yo nan akonplisman misyon yo. Olye pou yo te eksplwate divèsite nan operasyon yo, yo te chwazi pwovoke divizyon. Se sa ki kontinye ap fèt chak fwa konpetans yon lidè kreye konfli nan òganizasyon Legliz la alòske li te dwe kreye opòtinite pou travay.

            Bondye ki te kreye nou konnen nou chak se yon gason, yon fanm diferan menm lè nou ta marasa. Nou chak fèt orijinal, inik e espesyal. Depi nan jaden Edenn, nou aprann sa. Gason ak fanm pa t kreye menm jan, yo p ap janm menm jan, alewè pou pitit pitit yo. E lè n ap etidye Bib la nan tout pwofondè li, n ap wè Bondye te toujou sèvi avèk lèzòm malgre tout enpèfeksyon yo. Li pa t janm bouke rele yo pou delivre pèp li anba enjistis (Egzòd 3.1-10). Jis jounen jodi a pandan w ap li liv sa a, li ka itilize ou malgre pase ou ak feblès ou. 

            An nou wè yon egzanp trè senp. Èske ou te konnen youn nan rezon ki fè ou peche soti nan lespri divizyon ou genyen kont pawòl Bondye a ? Wi, se paske ou pa dakò yon lwa, yon prensip, ki fè ou peche. Sinon, ou te ka fè majorite nan sa Bondye di. Konsa tou, lavi apa ou vle mennen an pa soti nan volonte total ou tankou ou aksepte kontante ou avèk sa ou genyen paske li natirèl. Non, ou aksepte paske sa ap fè ou evite tantasyon (1 Timote 6.6-10). Pafwa, ou gen lanvi fè yon mal, ou reziste pou evite peche. Ou aksepte kondisyon ki kenbe relasyon ou avèk Bondye nan objektif pou fè yon sèl avèk li.

            Atout disip yo pa t gen menm panse avèk Jezi, yo te gen tèt ansanm e Jezi te priye Bondye pou sa te rete pami yo. Sèlman, lapriyè sa pa t sifi nan sans inite a te tou fèt. Li te di avan : « Se pou yo m ap viv jan ou vle l la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l la, granmesi verite a » (Jan 17.19). Kidonk, lapriyè Jezi pou disip yo fè yon sèl nan Bondye te chita sou puisans li ak verite a. Avan sa, li te di : « Si nou youn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye » (Jan 13.35). Lanmou fratènèl se rezilta obeyisans verite a. Sa vle di, kretyen ki pa obeyi pawòl verite a pa ka renmen pwochen li. Tout sa esplike inite ki dwe renye nan ministè ou pa otomatik. Gen travay ki pou fèt.

            Sam D. kontinye ekri pou di : « Inite pa enplike inifòmite ». Mete tèt ansanm – inite – pa vle di nou se menm moun, nou gen menm karaktè epi nou jere konfli menm jan. Manm komite w ap prezide a pa ou menm, yo chak se yon kwayan inik. Lè w pa aksepte reyalite sa a li ka lakoz konfli. W ap panse tout opozisyon kont ou se pou bloke ou alòske trè souvan lide kontrè a konn meyè estrateji a. Se pa pozisyon ou k ap detèmine verite, verite se yon mesaj, yon kominikasyon, nenpòt moun ki gen kouraj e ki saj ka di l, preche l e anseye li. Alò, si ou pa ase saj pou respekte ak aksepte sa, demach ou yo ka plis kreye divizyon pase inite.

            Inite dwe rezilta yon bon lidèchip. Pa gen bon lidèchip san yon bon sèvitè ki gen panse pozitif sou lidèchip. Dèke ou panse pozisyon ou pèmèt ou fè sa ou vle, rezilta lidèchip ou p ap bon. Anpil fwa, sou kèk dosye, lidè a dw yon medyatè. Li la sèlman pou tande opinyon sou yon pwoblèm epi chwazi sa ki bon an. Rezolisyon an pa oblije soti nan li. Bondye ap travay nan tout moun, se pa nan li sèlman. Pakont, se li menm ki la pou apwouve tout sa k ap bon pou ministè a. Bondye te chwazi Pòl pou yon travay espesyal men Pòl pa t anpeche Apolòs travay. Li te antrene Timote nan verite a men li pa t dikte tout pawòl ak aksyon li. Se menm jan Jezikris te fin fòme epi voye disip yo men li pa t anpeche yo travay. Yo te konnen sa ki te bon ak move anba pouvwa Sentespri a.

            Dirije avèk sajès mande pou konprann inite. Se lespri nou ki pou ini avan pou nou ka tonbe dakò sou pawòl nou. Konsa, menmlè yon kolaboratè pa aksepte yon demach, l ap respekte prensip majorite a. Se vre nou pa gen menm opinyon men n ap travay pou chak moun ka lib pou pataje santiman li pandan l ap mete ministè a pi wo pase dezakò li. 

Jérôme Dorsonne Emerson

DIRIJE AVÈK SAJÈS

Edisyon nimerik 2024

Paj 18-23

 

 

 

 

 

DAS 3: ESEYE avan ou REJTE

 

 Pi souvan, yon lidè gen solisyon pa li pou rezoud yon pwoblèm malgre li konn mande konsèy. Li ka ensèten sou entansyon li ; li ka pè echwe tou. Ebyen, nan ka sa, chache asirans se yon prèv sajès.

Gen yon solisyon se byen paske lidè a dwe prevwayan men sajès mande pou konsilte lòt lidè oswa, selon nivo pwoblèm nan, pale nan ti gwoup oswa youn ak youn. Objektif la se pou konpare panse ou, santiman ou ak entansyon ou. Konsa, si ou mande èd, se pa fòseman paske ou pa konnen devwa ou. Ou bezwen rasire ou sou chwa w ap fè. Lè sa, w ap sèten ou nan yon bon chemen. E si ou ta echwe, moun ki te konseye ou yo ka ede w replanifye, rekòmanse, relanse. Sa se rezilta travay ekip. Pafwa, solidarite ou pa jwenn nan soti nan kolaborasyon ou pa chache a.

Lòt bagay ki genyen nan mande konsèy avan ou aji se rezilta a ak glwa ki gen ladan an. Yon bonkou lidè pa renmen mande konsèy ni pataje pwojè yo paske yo vle montre yo kapab. Non, pa gen lidè ki kapab toutbon san yon ekip ak yon mentò. Tout kapasite ou se nan ekip ou li soti. Si se ou sèlman ki dwe la pou tout bagay mache, sa vle di ou endispansab. Si ou endispansab, ou pa fè elèv. Si w pa fè elèv, siksè ou p ap dire lontan. Ò, antanke lidè kretyen, travay ou dwe rete pou lòt jenerasyon kwayan aprè yo.

Glwa Bondye ap jwenn nan rezilta a pa oblije soti nan plan ou an, nan konsèy ou yo, nan inisyativ ou a. Dayè, depi ou se lidè yon ministè, tout sa ki fèt ladan konsène ou. Se fason ou dirije ki bay echèk oswa siksè. Si ou bay kolaboratè ou yo opòtinite pou travay, y ap ede ou reyisi. Sinon, y ap kanpe gade echèk ou. Yon lidè entèlijan pa dwe janm chache reyisi ni echwe pou kont li. 

Si yon lidè gran se pa paske li gen anpil konesans, anpil kapasite, anpil lajan, anpil moun ki konnen li oswa anpil moun k ap suiv li. Se paske li pran desizyon k ap satisfè atant moun l ap dirije yo. Li itilize konpetans li pou kreye yon sinèji nan avantaj kiminote a. Fòs yon lidè chita nan kapasite pou mobilize tout resous li genyen pou jwenn rezilta k ap fè Bondye plezi a. Pa gen lidè san ekip. Pa gen ekip san sinèji. Pa gen sinèji san rekonesans ak itilizasyon fòs, entèlijans, sajès chak kolaboratè.

Gen gran lidè nan fè sa ki bon, gen gran nan fè sa ki pa bon tou. Jezi pa kont yon pastè ki vle vin gran, se foli grandè a ak toupizi sa ki fèb yo pou garanti pouvwa li ki pa bon (Mak 10.35-45). W ap sèvi yon Bondye ki gran, ou ka vin gran men se nan imilite. W ap sèvi yon Bondye ki rich, ou ka vin rich men se nan onètete. Ou ka vin popilè pou fè konnen pouvwa Bondye. Ou entèlijan pou moun w ap dirije yo ka benefisye sajès Bondye. Tout sa ou ye se pou glorifye Bondye.

Plis ou gen defi w ap leve, se plis w ap grandi men plis ou neglije defi sa yo, se plis enfliyans ou ak otorite ou ap bese. Se sa ki fè, imilite se youn nan gran kalite pou kiltive. Pito se yon konsèy yo ba w ki lakoz echèk ou pase tètdi ou. Moun ki te konseye ou a va pran leson sou libète li genyen. Li wè ou pa t rejte konsèy li, l ap toujou prè pou ede ou e si yon jou ou pa ta pran konsèy li, l ap konprann se pa yon pwoblèm. Konsa, yon lòt fwa, li va aji avèk plis sajès epi l a koute ou lè w ap korije li.

 

Jérôme Dorsonne Emerson

DIRIJE AVÈK SAJÈS (DAS)

Edisyon nimerik 2024

Paj 30-32

 

 

DAS 1: DIRIJE avèk SAJÈS


« Krentif pou Bondye se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib » (Pwovèb 1.7)

            Pou Juif yo, daprè R.C. Sproul ki se fondatè Ligonier Ministries[1], sajès se yon konpreyansyon pratik sou fason pou viv yon lavi ki fè Bondye plezi. Trè souvan, mo sajès la montre konpòtman yon moun inosan k ap aji dousman. Li plis fè silans, li souri pase li pale. Tandans sa fè konprann yon moun ki saj pa ka fè kòlè. Se yon lidè ki toleran, li gen anpil imilite.  

              Konesans nou jwenn nan liv ak nan lekòl fè kwè se lekti ki bay konesans. Poutan, gen moun ki gen konesans e ki pa saj. Kidonk, konesans pa ponn sajès. Apot Pyè pa t yon entèlektyèl men li te gen sajès pou dirije Legliz Jezikri a (Travay 4.8). Se yon lòt teori ki montre pa pase lekòl pa bloke chemen sajès. Alò, èske konesans pa itil ? Non, okontrè, moun ki saj toujou konnen men moun ki konnen pa fòseman saj.

            Pakèt konesans sou lidèchip ta dwe rann yon lidè efikas nan ministè li si konnen te tou mache avèk sajès. Okontrè, atout li konnen, li toujou pa saj pou senp rezon li pa t gen respè pou Bondye avan. Sa ka pi mal, si li pa gen vokasyon nan travay li.

Tout moun ki gen konesans t ap respeke Bondye lefètke konesans enstui lòm sou egzistans ak manifestasyon li. Malerezman, se pa leka. Etid  biblik, vèsè biblik, seminè biblik, fòmasyon biblik pa sispann òganize ; toujou manke sajès. Pakonsekan, aprann dirije avèk sajès se yon nesesite. Sepandan, aprantisaj sa a ka efikas pou lidè ki gen krentif pou Bondye. L ap vin saj pandan l ap dirije pou glwa li men se pa akoz l ap dirije lontan. Ou ka fè tout karyè ou ap fè erè.

Nan lespri Juif yo, se lè ou gen krentif pou Bondye, konesans ka ba ou sajès. Yon lòt mannyè, lè w ap chache fè sa Bondye vle ak evite sa li pa vle, w ap vin saj. Krentif sa ou genyen an, pou repete Sproul, pa chita sou laperèz. Li site Martin Luther ki kwè se tankou yon pitit ki krenn papa li. Li tèlman renmen li, li pa vle fè anyen ki pou deranje li epi kraze relasyon yo. Se sa Sproul rele « yon krentif ki mache avèk reverans, admirasyon ak respè ».  Kifè, mwen pa saj paske mwen gen konesans, se respè mwen gen pou Bondye ki fè konesans mwen rann mwen saj. Mwen pa chache sajès, mwen chache respekte Bondye epi chak sa mwen aprann sou li fè mwen konnen kòman pou m fè li plezi.

Alò, pou dirije avèk sajès, li pa sifi pou yon lidè te fòme sou lidèchip. Lekti anpil liv pa yon garanti nonplis. Konesans sa yo pa itil san krentif pou Bondye. Si se te vre, tout lidè ki fòme t ap reyisi nan ministè yo. Puiske nou chita n ap fè gwo diskou ak chache konesans pandanke moun n ap dirije yo pa ka transfòme akoz yo pa gen yon vrè relasyon avèk Bondye, nou bezwen konprann enpòtans dirije avèk sajès.

Konesans biblik oswa teolojik san krentif pou Bondye se chemen ki pi kout pou vin ògeye alòske li ta dwe pi long. Absans respè, inyorans sou volonte Bondye, dezi pou fè parèt, chache glwa pèsonèl fè lidè ap dirije pou fè tèt yo plezi pandan siksè yo depann de plezi Bondye jwenn nan lidèchip yo.

Sousi pou byen dirije se yon bon motivasyon. Li fè ou pran desizyon k ap mennen ou sou chemen siksè. W ap chache tout sa ki bon pou ministè ou mache. Sa pou evite, sèke sousi yon lidè pa dwe vize siksè li pou tout moun wè li reyisi. Sa se glwa li l ap chache nan je asanble a ak sosyete a pou enpresyone Bondye. Se sa ki pral fè yon lidè aksepte fè sakrifis, bay manti, kreye aktivite pou atire plis je ak zòrèy sou ministè li. Yon lidèchip ki vize fè moun plezi pa ka fè Bondye plezi an menm tan. Motivasyon an pa bon.

Se Bondye ki pou jwenn glwa avan pou tout lòt moun edifye aprè.  Gen yon pwovèb kreyòl ki di : “Jan chache, Jan twouve”. Li mete avèk dezyèm fraz nan Matye 7.7 pou montre gen rezilta nan tout sa w ap chache, tout sa ou bezwen. Nan sans sa a, yon lidè ki vle dirije avèk sajès pa ka vin yon lidè saj.

Jérôme Dorsonne Emerson

DIRIJE AVÈK SAJÈS (DAS)

Edisyon nimerik 2024

Paj 11-14

 

 

 

 



[1] fr.ligonier.org

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...