Pi souvan, yon lidè gen solisyon pa li pou rezoud yon pwoblèm malgre li konn mande konsèy. Li ka ensèten sou entansyon li ; li ka pè echwe tou. Ebyen, nan ka sa, chache asirans se yon prèv sajès.
Gen yon solisyon se
byen paske lidè a dwe prevwayan men sajès mande pou konsilte lòt lidè oswa,
selon nivo pwoblèm nan, pale nan ti gwoup oswa youn ak youn. Objektif la se pou
konpare panse ou, santiman ou ak entansyon ou. Konsa, si ou mande èd, se pa fòseman
paske ou pa konnen devwa ou. Ou bezwen rasire ou sou chwa w ap fè. Lè sa, w ap
sèten ou nan yon bon chemen. E si ou ta echwe, moun ki te konseye ou yo ka ede
w replanifye, rekòmanse, relanse. Sa se rezilta travay ekip. Pafwa, solidarite
ou pa jwenn nan soti nan kolaborasyon ou pa chache a.
Lòt bagay ki genyen
nan mande konsèy avan ou aji se rezilta a ak glwa ki gen ladan an. Yon bonkou
lidè pa renmen mande konsèy ni pataje pwojè yo paske yo vle montre yo kapab.
Non, pa gen lidè ki kapab toutbon san yon ekip ak yon mentò. Tout kapasite ou
se nan ekip ou li soti. Si se ou sèlman ki dwe la pou tout bagay mache, sa vle
di ou endispansab. Si ou endispansab, ou pa fè elèv. Si w pa fè elèv, siksè ou
p ap dire lontan. Ò, antanke lidè kretyen, travay ou dwe rete pou lòt
jenerasyon kwayan aprè yo.
Glwa Bondye ap jwenn
nan rezilta a pa oblije soti nan plan ou an, nan konsèy ou yo, nan inisyativ ou
a. Dayè, depi ou se lidè yon ministè, tout sa ki fèt ladan konsène ou. Se fason
ou dirije ki bay echèk oswa siksè. Si ou bay kolaboratè ou yo opòtinite pou
travay, y ap ede ou reyisi. Sinon, y ap kanpe gade echèk ou. Yon lidè entèlijan
pa dwe janm chache reyisi ni echwe pou kont li.
Si yon lidè gran se pa
paske li gen anpil konesans, anpil kapasite, anpil lajan, anpil moun ki konnen
li oswa anpil moun k ap suiv li. Se paske li pran desizyon k ap satisfè atant
moun l ap dirije yo. Li itilize konpetans li pou kreye yon sinèji nan avantaj
kiminote a. Fòs yon lidè chita nan kapasite pou mobilize tout resous li genyen
pou jwenn rezilta k ap fè Bondye plezi a. Pa gen lidè san ekip. Pa gen ekip san
sinèji. Pa gen sinèji san rekonesans ak itilizasyon fòs, entèlijans, sajès chak
kolaboratè.
Gen gran lidè nan fè
sa ki bon, gen gran nan fè sa ki pa bon tou. Jezi pa kont yon pastè ki vle vin
gran, se foli grandè a ak toupizi sa ki fèb yo pou garanti pouvwa li ki pa bon
(Mak 10.35-45). W ap sèvi yon Bondye
ki gran, ou ka vin gran men se nan imilite. W ap sèvi yon Bondye ki rich, ou ka
vin rich men se nan onètete. Ou ka vin popilè pou fè konnen pouvwa Bondye.
Ou entèlijan pou moun w ap dirije yo ka benefisye sajès Bondye. Tout
sa ou ye se pou glorifye Bondye.
Plis ou gen defi w ap
leve, se plis w ap grandi men plis ou neglije defi sa yo, se plis enfliyans ou
ak otorite ou ap bese. Se sa ki fè, imilite se youn nan gran kalite pou
kiltive. Pito se yon konsèy yo ba w ki lakoz echèk ou pase tètdi ou. Moun ki te
konseye ou a va pran leson sou libète li genyen. Li wè ou pa t rejte konsèy li,
l ap toujou prè pou ede ou e si yon jou ou pa ta pran konsèy li, l ap konprann
se pa yon pwoblèm. Konsa, yon lòt fwa, li va aji avèk plis sajès epi l a koute
ou lè w ap korije li.
Jérôme Dorsonne Emerson
DIRIJE AVÈK SAJÈS (DAS)
Edisyon nimerik 2024
Paj 30-32