LESON NAN CHEMEN ERÈ
Apèn li sot nan
antèman papa li nan simityè Senmak la, Daniz ap antre lakay li, li rankontre
yon ansyen kamarad li pandan l ap desann machin ki t ap transpòte moun yo.
Malgre li nan dèy, li pa byen akeyi li.
-
O ! Daniz, kòman ou ye bebi?
-
Mwen la
ui Madou, e ou menm?
-
Mwen
anfòm men genlè ou te nan…
-
Ui, mwen soti nan fineray papa m.
-
Kòman
sa? Papa w mouri? M pa t janm tande ti medam yo di sa sou gwoup la non.
-
Non,
paske sa fè lontan nou dekonekte. Epi sa pa fèt twò lontan pase sa.
-
M
konprann sa. Antouka, menmsi se anreta, mwen prezante ou kondoleyans mwen,
Daniz e m vrèman regrèt m pa t konn sa avan pou m te vin sipòte w.
-
Mwen
konnen ou pa t ap manke men pa fatige w. Tout bagay fini.
-
Oke. Alò, ban m ba w nimewo Whatsapp
mwen, konsa n a repran kontak. Sa w
panse? M pa vle kenbe w twòp.
-
Dakò.
Yo fè echanj nimewo epi youn separe de
lòt. Pita nan aswè, zòn nevè konsa, Madou ekri Daniz.
-
Ti baz,
kòman sa ye? Se Madou.
-
Oke, mwen wè wi. Ou anfòm?
-
Ui, n ap kenbe. Kisa w fè menm?
-
Mwen pa fè twò gwo bagay non. Mwen nan
kou enfòmatik epi m ap tann pou m antre nan inivèsite a.
-
O, se
byen. Kisa w pral etidye la menm ?
-
Administrasyon oswa Dwa. M pa vrèman gen
yon chwa final. E ou menm?
-
Ou
konnen, m pa t gentan fini ane lekòl la, m te lage m nan fè biznis.
-
Se byen
sa. Kisa w ap vann menm?
-
Tout
bagay. M achte pou revann. M ale dèyè legliz epi m konn ale Ponsonde tou. Depi
se kote m ka fè lajan, m la.
-
Pale m
sa, ou te toujou yon fanm ki renmen fè biznis. Felisatasyon!
-
Mèsi, men…
-
Kisa ?
-
Bon, sèke mwen gen yon ti moun.
-
Deja Madou ?
-
Ou
konnen sè m nan. Depi w nan renmen epi w ap fè dezòd,
aksidan sa yo ka rive.
-
Oke, m konprann men pa kite yon lòt vini
non, paske lavi a difisil anpil ui.
-
Mèsi
pou konsèy la. M ap degaje m pou evite sa paske koulye a, mwen anba zèl Kris. Malè
sa yo p ap rive m ankò.
-
M byen
kontan aprann sa.
-
E ou
menm, Daniz, ou pa gen vèso ?
-
Ou vle di menaj ?
-
Vwala, se sa.
-
Non,
mwen poko prè pou jan de vi sa yo sitou papa m fèk antere. Mwen plis fokis sou
pwofesyon m ap aprann nan pou m ka pi byen prepare pou m afwonte lavi a.
-
Bèl
bagay ui. Mwen sonje lè m pa t ko nan bagay sa yo. Men m pa fin regrèt non
paske m gen yon pitit fi m renmen anpil. M pran leson an epi m konsakre lavi m
pou edike li pou li pa fè menm wout avè m.
-
Mwen
ankouraje ou fè sa, zanmi m.
-
Oke, mèsi.
-
M ap kite w wi. M gen dòmi, n a pale yon
lòt fwa.
-
Pa gen
pwoblèm kòkòt. M te kontan tande w. Bon lannuit.
-
Pataje.
Madou ak Daniz te
fè reto ansanm nan Lise Bisantnè a. Madou pa t pase akoz li pa t sou lekòl.
Malgre yo te vin pa t nan menm klas, yo te toujou rankontre jiskaske yo te
kreye yon gwoup Whatsapp pou pale. Kèk tan apre, gen nan yo ki te ale Etazini,
Kanada, Sendomeng ak lòt ki te toujou rete Senmak. Daniz te vin chanje nimewo
epi pa t gen twòp konvèsasyon antre yo ankò.
Yo vin rankontre
delane aprè. Yon sèl kou zanmitay la rekòmanse. Sepandan, yo chanje. Madou vin
pran lavi l plis oserye aprè li te vin ansent malgre li te batize epi fè yon
pitit fi. Depi lè sa tou, li te pran Levanjil oserye. Daniz te toujou pè fè sa.
Dayè, jiskaske yo vin rankontre, li toujou pa renmen.