1. Moun ou renmen an
Gen yon moun ki ale, se kòmsi yon pati nan
ou ki ale. Gen yon lòt ki ale, li pa menm konpare
ak tivan ki fè branch souke.
Gen yon moun ki pale, vwa l sèlman fè w
tranble san w pa menm wè li. Gen yon lòt ki
pale, se kòmsi yon fèy papye ki te tonbe atè.
Gen yon moun ki mouri, se kòmsi lavi w pèdi
sans. Gen yon lòt ki mouri, ou pa menm sonje si l
te egziste.
Gen yon moun ki souri ba w, se tankou
lespwa k ap boujonnen. Gen yon lòt ki souri, se
tankou li t ap fè piblisite pou ipokrizi.
Gen yon moun ki di l renmen w, ou gen pou
pase yon bon tan ak kè kontan pou tan sa fè w
plezi. Gen yon lòt ki di l renmen w, li fè w anvi al
fè pè oswa mè.
Gen yon moun ki joure w, ou fè silans paske
malgre w gen rezon, ou pè blese l pou tan w
renmen l. Gen yon lòt ki joure w, li ba w rezon
pou w pa janm renmen.
Gen yon moun ki mande w padon, ou santi w
delivre paske w t ap mouri ak lanvi pou w
rekonsilye avè l. Gen yon lòt ki mande w padon,
ou regrèt ou te gen pitye.
Gen yon moun k ap li mesaj sa a, li kontan
paske l dekouvri kèk pawòl pou li kontinye
renmen yon moun. Gen yon lòt ki fache paske l
pa ta renmen moun li renmen an li mesaj sa a.
Li plis pase 10 lòt tèks nan liv la konplè:ZEL NANM
1 commentaire:
Mwen voye tout felisitasyon m pou gwo gason sa a k ap fè yon travay qan pri nan kominote a. Se pou Bondye ba ou plis fòs. Liv yo vrèman enteresan.
Enregistrer un commentaire