ENTWODIKSYON
Dimansyon y
ap pale a, trè souvan, konsène Sentespri
Bondye, onksyon oswa rema ki se
yon pawòl Bondye revele yon moun dirèkteman e pèsonèlman. Posiblite sa louvri
pòt pou espirityalize anpil mo nan tèks biblik yo ki literal e favorize erè
doktrinal. Se vre otè biblik yo
itilize imaj ak senbòl ki mande kapasite espirityèl pou konprann men se pa yon
règ k ap aplike nan tout Bib la. Pou yon tèks, konn li sifi pou konprann li.
Pou yon lòt, kapasite entèlektyèl la nesesè, pou yon lòt ankò, se Bondye ki pou
louvri lespri w pou sezi sans li (Lik 24.45) e pou anpil lòt, Bondye pa revele
anyen. Se sa nou li nan Detewonòm 29.29.
Yon zanmi te di m yon fwa, si Bondye ban
nou Bib la se paske li vle nou konnen volonte li ak plan li pou limanite. Se
vre, men se nan menm Bib sa a, plizyè tèks montre limit nou nan konesans. Nou
ka pran 1 Korent 13.9 ak 2 Pyè 3.16 ki pwouve sa. Kèk fwa, se nivo oditè yo ki
lan pou konprann, jan otè a revele sa nan Ebre 5.11. Konsa tou, se Satan menm
ki konn anpeche sa malgre semans la fèt (Matye 13.19) e lòt fwa, se objektif
anseyan an tankou Jezi te fè sa (Matye 13.10-14). Matye 13.18, Travay 2.42,
8.31, 2 Timote 3.16 ak tandot vèsè montre klè se eskplikasyon ki fè moun konprann.
Kidonk, gen yon Bib se byen, konprann li se pi byen e se sa ki esansyèl. Sinon,
posede li t ap yon tikè pou lesyèl tèt dwat.
Nan Galat 4.22-31, apot Pòl montre Aga
ak Sara se de (2) kontra diferan. Li di : « Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl[1]… ».
Chaje lòt tèks nan Ansyen ak Nouvo Testaman ki gen imaj sa yo. Pami yo, nou ka
jwenn dlo, kò, dife, van ak solèy.
Men, se pa tout mo dlo ki se dlo pou bwè.Tout
dife pa boule, tout solèy pa limyè ki klere latè.
Nan kò imen an, otè yo itilize kèk pati pou
fè pèsonifikasyon[2]: tèt, men, pye, je, zòrèy, lang... Koute
sa ki di nan Ezayi 59.1[3]:
« Non, la main
de l'Éternel n'est pas trop courte pour sauver, ni son oreille trop dure pour entendre ». Bib kreyòl la tou fè
entèpretasyon an[4]:
« Non ! Se pa paske Senyè a manke fòs (sa main) ki fè l pa
vin delivre nou. Se pa paske li soudè
(son oreille) ki fè li pa tande lè n ap lapriyè nan pye l ». Yon lide,
yon konsèp, yon pati nan linivè a ka pèsonifye, tankou mo syèl nan Sòm 19.1 ki « …fè
parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tout sa Bondye te fè ak men l.»
Nan 1 Korent 3.6, apot Pòl di :
« Mwen plante, Apolòs wouze,
men se Bondye ki fè plant lan pouse ».
Plante ka gen sans preche ak ansenye Levanjil (simen, parabòl nonm k ap simen an : Matye 13.4-8).
Wouze ka gen sans priye, egzòte, raple, akonpanye moun ki
te tande yon prèch epi pouse
ka gen sans konvèti, sove, grandi nan lafwa.
Remak nou ka
fè nan egzanp sa yo sèke pou nou konprann, nou bezwen eksplikasyon ki se wòl
yon anseyan, yon entèprèt. Tout sa se pou montre lè yon kwayan gen don (pouvwa,
kapasite, konpetans) pou eksplike yon vèsè, yon senbòl, yon verite, yon leson,
yon doktrin biblik, ou menm k ap koute a pa bezwen dimansyon pou konprann. Travay anseyan an se eksplike pou moun k ap
koute li yo konprann.
Èske yon ayisyen k ap tradui pou yon
ameriken ka di ayisyen an pa gen nivo pou konprann si se li menm ki la pou byen
entèprete pou l ka konprann?
Yon
pwofesè pa ka bay elèv li leson ki pi wo pase nivo li, kou a p ap pase. Sof si li ta fè eksprè.
Bondye kreye lòm avèk santiman,
entèlijans ak volonte pou sèvi li. Malerezman, peche lakoz l ap viv lwen li men
nati li pa chanje. Li toujou gen santiman, li ka reflechi pou konprann e li gen
volonte pou deside pou kont li. Bondye pa vle pèsonn fòse aksepte Jezi ni ba li
glwa. Aksepte Jezi se yon chwa, glorifye Bondye se rezilta a. Pakonsekan, fè
yon moun pè pou l ka konvèti ak kwè san konprann se revoke libabit Bondye bay,
fè Jezi pase pou enpostè epi meprize travay Sentespri a. Fòk gen bon jan detay
ki respekte prensip ansèyman pou fòme kwayan yo.
Espirityalite ou pa retire imanite ou
menm jan imanite Jezi pa t anpeche divinite li. Sentespri pa vin abite nan lavi
ou pou fè w viv tankou moun san konprann. Dayè, se Bib la ki di : «…konnen kijan pou nou mennen tèt nou !
Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann (Efezyen
5.15).» Jwenn bon jan eksplikasyon pou konprann se yon dwa e se devwa
tout kwayan ki kwè li resevwa don espirityèl pou ansenye (montre) selon lòd nan
Gran Komisyon an.
Objektif EKSPLIKE MWEN POU MWEN KONPRANN se fè lektè
Bib la, kretyen ou pa, moun k ap tande predikasyon ak suiv fòmasyon dekouvri
enpòtans eksplikasyon pou konprann Levanjil. Enspirasyon an soti nan rankont
Filip ak chèf Letyopi a sou wout pou ale Gaza (Travay 8.26-40). Devlòpman an divize nan sèt chapit, youn pi
entrigan pase yon lòt.
Nan premye a, nou montre nesesite pou
konprann nan fè wè relasyon ki genyen ant devwa pwofesè a ak dwa elèv la nan
yon pwosesis aprantisaj.
Nan dezyèm chapit la, nou detaye kat
nivo konpreyansyon : literal,
entèpretatif, kritik ak kreyatif. E nan twazyèm chapit la, nou pwopoze nèf
mwayen pou jwenn limyè sou yon tèks biblik.
Nan katriyèm chapit la, nou fè yon kout
je sou èmenetik biblik pou jistifye li nan Bib la, nou montre enpòtans yon
entèprèt atravè kèk egzanp nan Bib la e nou bay detay sou twa objektif èmenetik
ki se entèprete, konprann ak aplike.
Nan senkyèm chapit la, nou montre
èmenetik se zouti Sentespri pou pwoteje nou kont erè doktrinal.
Nan sizyèm chapit la, nou reponn twa
kesyon nan konvèsasyon Filip ak chèf la ki montre enpòtans kesyon pou konprann.
Finalman, nan setyèm chapit la, nou bay katòz leson sou kesyon chèf la te poze
Filip.
Se pou Bondye beni chak lektè ki pral
mete tan pou fè lekti livrè sa !
Jérôme D. Emerson
[1] Français : allégorie. Se yon figi estil ki pèmèt ou
prezante yon lide abstrè nan yon fason konkrè ak imaje.
[2] Yon teknik literè pou fè objè (bagay), bèt ak lide abstrè yo
(sa nou pa ka wè) pale.
[3] Bible Français Louis Segond, 1910.
[4] Anpil tèks fransè ki parèt difisil konn tou klarifye nan
tradiksyon kreyòl la. Envès la konn posib tou.
REYAKSYON KEK LEKTE
💬Nan liv sa a, Jérôme D. Emerson antre byen fon nan enpòtans konpreansyon nan ansèyman biblik. Li itilize diferan tèks ak egzanp nan Bib la pou l montre kijan konprann pawòl Bondye a esansyèl. Travay sa a gen pou misyon fè lektè yo pi byen konprann sa yo li nan Bib la granmesi zouti pratik avèk limyè Sentespri a.
Martine B. JÉRÔME / Etidyan nan Teyoloji Anliy nan STELA
💬 Se vre kreyòl se lang ayisyen,men pa gen anpil literati ki ekri nan lang kreyòl sitou domèn teyoloji. Jérôme D. Emerson fè yon bèl travay lè li prezante nou ouvraj sa ki trè senp men ki trè pwofon sou refleksyon èmenetik.
Vladimir ISOPH ! / Teyolojyen, Pwofesè, Jounalis
💬 Antanke predikatè si w bezwen ansenye epi pou moun konprann ou, liv sa se yon zouti enpòtan k ap pèmèt ou ajoute plis bagay sou konesans ou.
Almara SAINT-HILAIRE / Etidyan nan Teyoloji Anliy nan STELA
💬 Gen de bagay ki frape lespri mwen nan li liv sa a: se fason otè a rive konvenk mwen pou fè m konprann enpòtans ak nesesite pou fè moun konprann epi sajès ak konesans k ap degaje nan chak paj liv sa a ki edifye nanm mwen epi enstwi Lespri mwen. Liv sa a se yon zouti k ap travay konsyans moun pou yo aprann epi konprann pawòl Bondye a pou yo ka yon bon entèprèt pou lòt moun.
Jean Reynold JOSEPH / Teyolojyen, Pwofesè, Edikatè