Yon paran pa sèlman yon manman oswa yon
papa. Li ka vin zanmi ou. Pitit mwen yo se zanmi mwen, mwen se zanmi yo. Nou konn jwe ansanm, fè blag tankou
nou pa t janm konn fache. Lè yo fache, mwen konprann yo paske mwen pa gen rezon
tout tan. Zanmitay la toujou la aprè yon pinisyon. Se pa paske paran ou ba w limit ki fè li pa ka zanmi w. Chache
konnen li plis. Men kèk lide pou ede w.
1. Paran
ou se konseye ou
Pafwa, li pa itilize bon mo pou konseye w, se plis otorite li
ki dikte aksyon w yo. Men aprè tou, li p ap janm mete ou nan move chemen. Ou se
san li, pitit li, fòs li, konsolasyon li e feblès li an menm tan. Li vle w
reyisi. Li la pou montre w vrè chemen an. Pèsonn pa ka renmen w plis pase li. L
ap travay, riske lavi li pou fè edikasyon w. Li fè sa pou w ka vin yon gran
pèsonaj demen. Pi gwo vizyonè a se li, se pa ou. Alò, reflechi avan ou dezobeyi
li.
2. Paran
ou se pi gwo patwon ou
Li se premye moun k ap
envesti nan ou depi avan nesans ou. Ou pa ka remèt li envestisman li te fè nan
ou pou anpil rezon. Yon zanmi, yon menaj, yon konjwen ka ba ou kòb pou relasyon
men paran ou fè sa paske se devwa li melanje ak yon renmen san enterè. Ou p ap
janm ka kontwole kantite lajan li ba w pou peye transpò ak manje lekòl san
konte lòt ti detay pou pase foli. Meyè fason pou rekonpanse li se vin yon
sitwayen onèt.
3. Paran
ou se defansè ou
Li defann ou kont tout danje ki ka egziste. Li p ap kite ou
pou kont ou si li konnen ou vilnerab. Depi ou te tou piti, li t ap pran swen
ou. L ap defann ou kont tout moun ki vle fè ou mal. Nan relasyon santimantal,
gen sa tou. Se pa tout moun ki renmen ou ki vle pwoteje ou. Se pa tout k ap vle
marye avèk ou. Se pa tout k ap travay pou ou viv ere. Paran ou defann ou kont
yo tout kitaske yo pran prizon oswa mouri. Yo prè pou tout bagay.
4. Paran
ou se edikatè ou
Avan ou te ka ale lekòl pou aprann li ak ekri, paran ou te
gentan aprann ou anpil bagay ki rete fondamantal pou tout nivo konesans lòm. Li
te aprann ou apiye, chita, mache, pale, manje, benyen, abiye, elatriye. Se li
menm ki te aprann ou pataje, di bonjou, bonswa, orevwa, mèsi, padon. Li te
aprann ou respekte moun ak byen yo. Se li menm ki te aprann ou anpil prensip
pou viv ak moun. Prensip sa yo, aprantisaj sa yo sèvi baz pou konstwi
pèsonalite w. Ou ka etidye nan gwo inivèsite men se lakay paran ou gwo elèv la
leve. Pa kite ran sosyal ou fè w bliye sa.
5. Paran
ou se zepòl pou ou apiye
Lè ou tris, ou santi w pou kont ou, zanmi twonpe ou, w ap
soufri nan maladi, zepòl paran ou toujou la pou w apiye avèk tout sekirite. Dlo
je ou mouye pi bèl kòsaj li. San ou tache pi bèl wòb li. Malgre ou sal ak
labou, ou swe, li pran ou sere nan de bra li. Lè tout zanmi lekòl la, legliz
la, nan katye a imilye ou, paran ou aksepte ou. Andikape, malad, blese, nan
oksijèn, nan koma, paran ou toujou la. Kilès ki ka renmen ou plis pase li aprè
Bondye?
6. Paran
ou se konfidan ou
Ou ka di li tout sa ou vle ak lè ou vle. L ap kontan epi l ap
konprann ou. Pa gen mo yon pitit di pou paran l, sitou manman l pa konprann.
Dayè, se premye moun ki korije ou e ki konn sa w panse. Gen kat moun sou latè
ou ta dwe plis alèz nan egzistans ou : manman w, papa w, mari oswa madanm
ou ak pitit ou. Si ou pa santi w ka pale avèk paran ou sou sa w santi se paske
relasyon pitit-paran an pa devlope. Petèt se meyè moman pou ou deside fè sa
jodi a.
7. Paran
ou se kouraj ou
Mwen sonje lè mwen te konn fè bezwen
nan nwit, mwen te konn pè soti. Grann mwen pa t janm ezite soti avèk mwen
nenpòt lè a. Lè loraj ap gwonde, gwo van ap soufle, lapli ap tonbe, bal ap
tire, paran ou se sèl moun ki p ap kite w pou kont ou. L ap mete w anba bra li pou pare tout danje. Li menm prè pou
mouri nan plas ou.
8. Paran
ou se modèl ou
Antanke
edikatè ou, paran ou se premye pwofesè ou leve jwenn nan lavi ou. Nan pye li ou
grandi, li menm ki montre ou fè anpil bagay. Se sou li ou kopye pou pale, aji
epi renmen.
Koulye a, mwen kwè w ap konprann pi byen « misyon » paran ou. Ou ka chache definisyon ak sans misyon paran ou tout kote : sou entènèt, nan diksyonè, nan gwo liv men vrè definisyon an se nan relasyon ou avèk li nan respè ak obeyisans malgre tout pwoblèm.
Se vre gen paran ki maltrete pitit li. Mwen resevwa anpil
plent ak kesyon sou sa. Mwen konnen anpil istwa ki mal fini akoz de sa, anpil
vi ki brize, plizyè timoun ki kite paran yo pou sove anba move tretman. Konsa
tou, mwen konn kèk istwa ki ka kore deklarasyon sa a :
« Si yon timoun fè
tout sa paran li mande li fè ki p ap tiye li, ni vyole dwa li, se yon timoun
obeyisan epi k ap reyisi »
TAB MATYE
Dedikas e remèsiman
Entwodiksyon
Chapit 1. Matirite
Chapit 2. Adolesans
Chapit 3. Misyon yon paran
Chapit 4. Kalite paran
Chapit 5. Otorite paran
Chapit 6. Devwa timoun anvè paran
Chapit 7. Konprann renmen yon paran
Chapit 8. Konprann dezakò yon paran (1)
Chapit 9. Konprann dezakò yon paran (2)
Konklizyon
Pou achte liv sa a, Whatsapp nan 3934-1225.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire