jeudi 23 novembre 2023

KOKIYOL: Yon bon ti kado pou yon bon timoun (Ekstrè)

 


YON BON TI KADO POU YON BON TIMOUN

 

 Nan yon ti bouk yo rele Sapimal, se la Fransilya ap viv ak yon pitit fi l ap leve san papa. Nan fason moun yo mal pou jwenn manje ak rad pou yo fonksyone, yo kwè se yo ki pi mal nan tout moun ki egziste sou latè.

          Sara, se timoun yo plis apresye nan kanton an, pou sajès ak respè li genyen. Tout moun santi yo gen yon dèt pou li, poutèt sèvis li toujou rann yo. Yon jou ki trè espesyal pou Sara, yo deside òganize yon bèl ti fèt pou li, san li pa konnen. Se pa de kontan pitit la kontan sipriz sa. Gen timoun k ap chante, danse, di pwezi. Se yon moman lajwa nèt ale.

 Ti bouk la cho pandan tout anbyans yo ap deroule. Chak moun ap di kijan yo renmen Sara nan fason pa yo. Nan menm anbyans sa a, Fransilya deside pran lapawòl : « Oye !

-          Oye, foul la reponn, oye o lala ! 

-          Bon pawòl pral pale ! Tout zòrèy rete koute ! Manman fè pitit, men li pa fè santiman pitit. Sa fè onz lane depi Sansovè, mari mwen, mouri kote li te kite pitit sa n ap gade la a nan vant mwen. Depi lè sa, m ap mennen yon lavi ki konplike. Sepandan, gen yon bagay ki ban m lespwa pou m kontinye viv, se bon mannyè ki lakay pitit fi mwen an. Lajwa li pataje avè m epi avèk tout lòt moun fè m kwè, non sèlman pou mwen, men tou pou tout bouk la, yon jou sa va pi bon. »

Fransilya vire fas sou Sara, pitit fi li , epi li di li : « Mwen te trakase tèt mwen anpil pou m te wè kisa mwen ka fè pou ou, pou fè kè w kontan pitit mwen. Men ou konnen, afè manman w pa bon. Mwen fè ti resèt sa a pou mwen ofri w kòm kado, se grann mwen ki te montre m li. Mwen kwè w ap renmen l. »

Fransilya lonje kado a bay Sara devan tout moun. Sara goute l epi li di Fransilya manman li: « Waw ! Manmi, li gou anpil ! kijan li rele ?

-          Kokiyòl, konsa Fransilya reponn.

-          Mèsi anpil manman paske ou fyè de mwen epi ou fè m anpil konfyans. Mwen felisite ou tou ki leve m san papa. Ou ban mwen bon jan ledikasyon, malgre tout sitiyasyon difisil yo.

SaSara pran san li pou l manje ti kokiyòl li. Chak moun ki nan fèt la gen chans manje yon kokiyòl tou. Sara tèlman renmen pataje, li sere kokiyòl pou l pote pou Ana ki se bon zanmi li lekòl la.

 Men aswè rive, dòmi mal pou pran Sara, tèlman l ap panse kijan li pral eksplike ti zanmi li gen lekòl la jan yo te fè yon bèl fèt pou li. Pandan l ap vire kò l sou kabann lan, li tande twit twit twit !  Li kouri leve al gade. Li wè se de ti sourit k ap goumen nan kokiyòl li sere pou pote pou Ana a. Li frape men l sou tab la byen fò, epi li di : « Pati sourit ! » Menm kote a, li tande vwa manman l ki di : « Sasou, leve non pou ou ka prepare w, ou konnen se apye w ap pran wout la.» 

Sara kouri leve pou li konstate zafè sourit la se te yon rèv li t ap fè. Konsa li kouri ale gade kote li te sere Kokiyòl la, erezman li jwenn li jan li te mete l la. Li tonbe ri epi li eksplike manman l rèv li sot fè a.

 Ou ta renmen li tout istwa sa a? Fè kòmann li nan 3934-1225.



Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...