jeudi 23 novembre 2023

Milannda (Ekstrè)

 


Premye chapit

Milannda se yon jèn fi 25 lane. Li gen bèl ti koulè wouj. Li gen bèl fòm koka. Cheve l yo siwo, yo nwa epi yo long. Papa l Jewòm se te yon pwofesè esepsyonèl. Manman l Dànya te yon medsen gran kalib. Li te gen tout sa li bezwen. Lekòl li te toujou peye a lè. Lè l abiye, ou pa ka pa di: paran li gen lajan konpè! Men, li te gen yon defo.

Nan lekòl li te ye a se te yon lekòl Miks. Sa vle di gen ti fi, gen ti gason. Li nan lekòl la depi nan Kindègadenn. Depi nan twazyèm ane fondamantal gen moun k ap di l yo renmen l. li te toujou ap jwenn envitasyon pou l al nan fèt. San konnen ki fèt, li te toujou ale. Poutan, li pa t janm imajinen ki kote sa t ap mennen l.

Gen yon lè ki rive, papa l Jewòm ak manman l Dànya te vin al viv Ozetazini e yo te kite l ann Ayiti. Lè sa a li te gen trèz lane. Li te toujou nan tout fèt, tout kote ki gen kan, li te nan tout bal, elatriye…Manman l ak papa l te toujou voye kòb pou li peye lekòl, peye abònman, eks. Men li menm sa k te plis entèrese l se ti bal li, ti fèt li, ale nan ti plaj li ak zanmi.

Timoun ! Lè paran nou ap travay di pou l fè tout bagay pou ou, fòk nou pa pran sa pou jwèt non! Epitou, pa al nan fè zanmitay k ap fè w pran move chimen, jis pou al tonbe nan pololoy, nan tèt chaje.

Milannda te pran drive lavi l pou jwèt. Se pran plezi tèt chaje, se sa ki te entèrese l. kote jwèt la ta pral gate, se lè paran yo voye yon telefòn tòtch pou li. Yon jou, foli timoun 2000 monte l. li fè yon foto tèt chaje pou l voye bay yon zanmi poutan se manman l li voye foto a bay. Mezanmi ! Tout koze bon pou pale. Manman Milannda al sote sou foto a. yon sèl kranp tèt pran granmoun nan. Li konpoze nimewo Milannda, telefòn sonnen.

-      Alo manmi cheri!

Dànya pa menm tann Milannda fin pale epi li di l:

-      M pa nan manmi avè w! Talè Milannda, sa w voye ban m la a, hen?

Milannda gen yon sèl onksyon bege ki desann sou li:

-      Se…se pa…se pa anyen non…se yon zanmi…manman m pa konn anyen non.

Dànya vin vrèman debòde:

-      Ki kalite koze sa? Sa Milannda ap vin di m la a? Ou panse m egare ? Sèlman Milannda, fè respè w ! Fè respè w !

Tou enève Dànya rakwoche telefòn nan figi tifi a.

Yon timoun ki konn sa respè pou paran vle di t ap rekonpoze nimewo a pou l eskize manman l pou sa pa repete ankò. Epi l t ap pran anpil prekosyon pou l repanse lavi l. li annik voye telefòn nan sou kanape a kote l te chita a epi li di :

-      Manman m miyò pase m ! Manman m bezwen kraze filing mwen kounye a. Li miyò pase m li ka rakwoche telefòn nan figi m.

Enben, timoun, lè nou pa tande lè yo pale ak nou, n ap peye sa wi. Sitou se manman.  Pawòl manman pa janm piti. Pawòl manman se gwo koze. Se sèl pawòl Bondye ki ka depase pawòl manman. Aprèsa, anyen pa ka depase pawòl manman. Se gwo koze wi. Gen rekonpans nan sa wi, lè ou pran pawòl manman kòm konsekan nan lavi w. Milannda pa tande. Enben timoun, li gen pou l jwenn rekonpans pa l. li menm mete dlo nan je manman l ak papa l. konsèy pa m pou nou, pa fè menm jan ak Milannda tande. An nou gade pou n wè.

Esther Jean Louis



Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...