jeudi 23 novembre 2023

KONVIKSYON: Matirite, koudfoud, mawonaj (Chapit 3)

 MATIRITE, KOUDFOUD, MAWONAJ


Nou nan etid biblik pou jèn yo jodi a nan Legliz la, gen anpil ladan yo ki prezan. Sijè a se «Yon kretyen se limyè» nan tèks Matye 5.14. Kesyon ap poze adwat agoch, menè etid la kontan anpil. Pandan Baris, nouvo konvèti a, leve pou poze kesyon, Daniz fikse je li sou li.

-       Sèvitè, nan ki laj yon jèn ka renmen ?

-       Bèl kesyon, frè Baris. Ou se yon nouvo manm nan asanble a, pa vre?

-       Wi, se sa.

-       Dakò. Se byen kesyon w lan men repons la senp: pa gen laj pou moun renmen, se lè ou gen matirite.

-       E kisa matirite a ye menm?

-       An jeneral, frè Baris, matirite se lè yon moun gen bon sans epi li ka reflechi avan li chwazi. Lè konsa, li pa kontante li chwazi, li panse sou konsekans chwa li tou. Egzanp, si w ap renmen ankachèt, ou pa gen matirite paske ou pa sèten de moun ou renmen an oswa ou konnen paran ou p ap dakò relasyon an.

Yon jèn tifi kanpe pou poze kesyon sa :

-       Men poukisa paran m oblije konnen jis pou yo dakò relasyon m ? Sa depann de mwen, se chwa pa m.

-       Ki laj ou, sèvant ?

-       Mwen gen sèzane.

-       Oke. Ou gen rezon lè w di chwa ou depann de ou men kisa w panse tou si ou ta renmen yon gason epi li ansent ou. Kilès k ap responsab nan laj ou aktyèlman ?

 

Tout moun vire gade ap tann repons li. Li reponn :

-       E poukisa se ansent lan ou wè ? M ka renmen epi m pa janm ale nan kesyon fè bagay.

-       La ankò, mwen dakò avèk ou. An n sipoze ou ta renmen epi sa rive, èske ou panse sa depann de ou sèlman ?

-       Bon, antouka, sa p ap rive.

-       Mwen toujou dakò avèk ou. Sepandan, sonje kesyon an se yon sipozisyon li te ye. M pa kwè ou renmen, pa vre ?

-       Non, m poko prè pou sa erezman.

-       Vwala. Sa pa anpeche ou gentan gen yon entansyon sou kòman ou pral jere sa. Se menm jan pou yon moun ki pa panse avèk sa epi ki chwazi renmen nan yon laj li pa ka pran responsablite li. Toutotan ou pa pran responsablite ou, meyè desizyon an se ret trankil epi pran pasyans paske yon jou kanmenm, w ap lib pou fè chwa ou san kontrent paran.

 

Plizyè lòt diskisyon te fèt ak kesyon te poze sou sijè a ki te trè anime. Baris pa t sispann gade Daniz anba anba pandan tout moman etid la. Aprè benediksyon an, li te al jwenn li dirèk li salye li epi youn prezante lòt.

-       Mwen kontan fè konesans ou epi m di w byen vini nan Legliz Bondye a.

-       Mèsi anpil, sa fè m plezi. Men, si ou pèmèt mwen, m te remake ou pa janm di anyen nan etid la poutan sijè a te trè enteresan.

-       Bon, anpil fwa, mwen konsa. Mwen pa renmen pale si m pa gen yon bagay mwen inyore.

-       Waw ! Sa vle di, ou te konprann tout sa ki te di yo.

-       Pa fòseman. Pafwa tou, m konn pa entèrese konnen.

-       Oke, mwen konprann sa. Alò, n ap rewè yon lòt fwa?

-       Wi, lòt madi nan etid la.

-       Dakò.

Baris te plis vle di yon lòt jou avan paske li gentan pa ka tann ankò pou li poze pyon li. Daniz ki gentan konprann, li presize se lòt madi. Poutan, depi lè l rive lakay li, se de Baris l ap pale avèk Madou sou Whatsapp.

-       Kòman ou wè li ? Madou mande li.

-       M wè l trè galan. Se yon bo tip epi m renmen fason li pale.

-       Men zen! Depi ou tande sa, ou pran ui.

-       Pa fòseman. Mwen konnen sa toujou kòmanse konsa men sa pa janm fini jan ou swete l la.

-       Di m Daniz, ou renmen l ?

-       Non, ou twò prese. Yon vrè renmen pa fèt konsa. Ou bezwen tan pou reflechi, chache konnen plis paske se pa tout gason ki gen pwojè marye avèk yon fi yo renmen. Anpil fwa, se fònikasyon ki plis entèrese yo.

-       Ou mèt di sa fò pitan m. Anpil nan yo konsa e mwen se yon viktim.

Ansyen menaj Madou a rele Bènito. Yo te rankontre lekòl epi yo tonbe damou depi premye jou a. Lè sa a, Daniz pa t ko ale lekòl la, li te vin jwenn yo ansanm. Bènito te fè Madou kwè nan li jis li te prezante l fanmi l. Yo te gen pwojè maryaj, vwayaj ak biznis. Malerezman, yon lòt chòdi[1] ta pral vire lòlòj Bènito lekòl la. Sa te rann Madou jalou anpil. Jalouzi sa te tèlman fò, li te vin sere Bènito plis nan moman rekreyasyon, fèt lekòl la e sitou jounen koulè. Tout elèv te ka remake sa.

Yon swa konsa, pandan yo t ap pale nan telefòn, Bènito te fè konprann li pa t reziste ankò nan tann pou l marye. Li te rive menase kite l poutèt sa sèlman. Pou Madou pa t pèdi konba a, li te panse meyè solisyon se aksepte pèdi vijinite li. E se konsa yo te planifye yon sòti kay yon zanmi. Nan moman sa a, Madou te nan peryòd ovilasyon li. Bènito te pwomèt li l ap pwoteje men li pa t fè sa vre. Sa te fè Madou mal anpil.

Yon mwa pita, li pa t wè règ li. Lè li fè tès, li wè li ansent. Se te yon move nouvèl pou li. Lè Bènito aprann sa, li te konseye li jete pitit la. Madou pa t dakò. Li te aksepte pran jouman nan men paran li epi kite lekòl malgre li pa t twò sou sa. Paran Bènito te ba l yon pinisyon li pa t janm imajine. Rezon an, se paske nan sosyete a, lè yon gason ansent yon fi, se fi a yo plis kondane. Li pa ka ale lekòl pandan gason an ap kontinye etid li. Paran yo te vle ba misye yon leson pou listwa.

Pou konsekans, yo te sispann peye lekòl li epi yo te voye l fè andeyò pou travay latè paske papa l se yon gran plantè. Men lè li wè se akoz Madou li te sibi sanksyon sa yo, li te revòlte. Li te tou vann yon tè ki te sou non li pou fè lajan. Li lage li Meksik. Li pa janm pale avèk Madou pou jis li vin zanmi Daniz.

Paran Bènito kontinye pran swen pitit la san chache konnen kòman Bènito ap viv.  Laj mennen rezon, Madou pran leson an men li pa bliye istwa a.

 

 


 



[1] Anglisis: Menaj yon moun oswa yon zanmi fi.

KONTI 

Dedikas                                                                       5

Remèsiman                                                                  6

Leson nan chemen erè                                                 7-9

Bon zanmi pa zanj                                                       10-12

Matirite, koudfoud, mawonaj                                     13-16

Daniz, yon sèvant total kapital                                   17-21

Lè van trayizon soufle                                                22-24

Sekou devan twòn nan                                                25-29

Timoun pa antre nan Jandam                                      30-33

Konfesyon                                                                  34-38

Sakrifis                                                                        39-43


Ou ta renmen li tout istwa a? Fè kòmann lan nan 3934-1225.

Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...