jeudi 23 novembre 2023

Estervinson ap entwodui liv KRETYEN KONN LALWA"




Lè yon kretyen abandone dwa li genyen pou l al chache jistis nan tribinal jan lalwa mande sa,  li fè yon aksyon ki diminye nan avantaj sosyal li. Men, pou di vre, li pa retire anyen nan dimansyon kretyen li. Konsa tou, lè li chwazi al tribinal pou l al chache jistis, sa ogmante avantaj sosyal li san li pa retire on yota sou dimansyon kretyen li. 

Sa vle di, si yon kretyen deside jwi dwa li genyen, pwoteje dwa li genyen ak revandike dwa li genyen, sa pa an opozisyon ak volonte Bondye nan lavi li. Sa ki te ka an opozisyon ak Bondye nan lavi li, se si li te melanje pèsonalite li nan katchouboumbe mafyozo tòde bouch lajistis pou fè l pale nan sans k ap bon pou li osinon, panche balans lajistis nan bò pa li, lè sa a nou ka di li pèdi kichòy nan dimansyon kretyen li. 

Yon kretyen se yon moun libere. Se pa yon moun lespri anchennen. Se pa yon tèt mare, ni se pa yon moun k ap reponn ak jantiyès pou di li se tèt mare pou Jezi. Se yon moun je kale. Se yon moun ki wè. Se yon moun ki gen chemen li klere ak limyè Sentespri. Limyè k ap gide l nan chache jwi dwa l epi ranpli devwa l selon etik kretyèn.

Nou toujou tande y ap di depi lontan, dwa ak devwa se de bagay ki mache ansanm. Youn pa janm deplase kite lòt. Dwa se sa nou rele privilèj, devwa se sa nou rele obligasyon. Se chak jou nan pratik sosyal la n ap fè repetisyon sou dwa ak devwa nan eslogan « kontan achte, kontan peye » ; « kontan prete, kontan remèt ». Lè nou di kontan achte ak kontan prete, sa gen rapò ak dwa osinon privilèj. Men lè nou di kontan peye ak kontan remèt, sa gen rapò ak devwa osinon obligasyon.




Dwa ak devwa nou yo manifeste fizikman nan tout pratik sosyal nou yo. Yo manifeste nan mòd rapò nou etabli ak sanblab nou yo, ak lòt eleman ki pa sanblab nou men ki gen lavi, ak sa tou ki pa sanblab nou ki pa gen lavi. Dwa ak devwa nou yo egziste sou fòm règ, sou fòm prensip osinon sou fòm lwa. Sistèm règ sa yo ka ekri yon kote osinon yo pa ekri pyès kote. Règ sa yo, prensip osinon lwa sa yo pi gran pase grenn volonte nou chak. 

Se sa k fè, se pa kanpe pou nou kanpe anfas yo an mòd rebelyon, men se koube pou n koube anba yo an mòd sajès. Sinon, se mal sele k ap foule. Alò, nou wè li enpòtan depase pou nou konn tout lwa ki defini dwa nou ak devwa nou. Nou wè li depase enpòtan pou nou konnen sou ki fòm privilèj nou dwe jwi yo prezante. Nou dwe konnen tou, sou ki fòm obligasyon nou reponn yo egziste.


W ap jwenn liv sa a achte Senmak nan 3934-1225.

Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...