jeudi 23 novembre 2023

KONVIKSYON: premye enpresyon prelektè yo.

KONVIKSYON se dènye liv antit ekriven Jérôme D. Emerson soti pou novanm 2023 a nan okazyon twazyèm edisyon PETRA EXPO. Nou envite ou li enpresyon plizyè lektè ki te li l avan li sòti.


Istwa a vrèman bèl. Se yon liv tout jèn kretyen ta dwe li. Menm paran ta dwe achte I bay timoun yo. Li gen anpil bèl mo ak konsèy ladan I. Se vrèman yon egzanp nou ta dwe jwenn lakay jèn kretyen yo jounen jodia.

Almara SAINT-HILAIRE





Mwen fin li I e vrèman se yon bèl travay. Jenès evanjelik la bezwen liv konsa, sa ap fè nou sispann al li aleken ki pral reveye vye dezi nan nou e fè nou tonbe nan peche. Mèsi pou KONVIKSYON ki vann lanmou jan Bondye vle I la: san tach, san vye ekspresyon, san vye moralite.

Givischar FELIX




Nouvèl sa rakonte istwa yon jèn demwazèl k ap sèvi Bondye ki gen papa I mouri. Nan sikonstans la, li rankontre yon ansyen zanmi lekòl ki ta pral vin yon bon zanmi pou li, sitou lè li vin rankontre yon jèn gason nan legliz li, ki ta pral fè li damou. Tout jèn kretyen sitou jèn fi yo ta dwe li nouvèl sa e pran pèsonaj prensipal la tankou yon modèl.

Emmane Djina EXANTUS



Ou ta renmen pataje enpresyon sou istwa sa a? Ekri nou sou 3934-1225 pou fè kòmann li Senmak. 

Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...