jeudi 23 novembre 2023

Jude Davilus: yon otè pou w dekouvri!

 


Jude Davilus fèt nan Tè Blanch (Senmak) nan lane 1989. Li grandi nan Kano. Li etidye agwonomi nan Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè (2011-2016) nan Inivèsite Leta Dayiti. Li diplôme tou nan teyoloji nan Seminè Teyoloji Evanjelik Latibonit (STELA). 

Akote de sa, li se pwofesè nan plizyè lekòl nan Senmak. Li se manm Ministè Legliz de Dye Grand Komisyon ki nan Kano antanke anseyan. Aprè li pase plis pase senk lane nan prezidans Kowòdinasyon Jenès Ministè Gran Komisyon, li se aktyèl manm Konsèy Administratif menm misyon sa a. Jude Davilus marye, li gen yon pitit gason ak yon pitit fi.

Aprè li te fin li liv Jerry Bridges ki gen pou tit The Pursuit of Holiness, kiryozite li te pouse li apwofondi etid li sou sijè sa a ki se Santifikasyon, ki malerezman pa twò preokipe anpil moun jounen jodi a ki se kretyen. 

Lè pastè Jérôme Dorsonne Emerson te ankouraje l ekri yon liv, li pa t ezite travay sou menm sijè sa. Se konsa, li pote ba ou nan lang manman ou liv sa a ki titre « Yon lavi apa pou Bondye ». 

Lè nou konnen jan Bondye mete aksan sou sanntifikasyon (lavi apa), nou sèten ou va jwenn nan liv sa a ansèyman ki va ede w fè pwogrè, jiskaske ou rive sanble Bondye. Nou swete ou se youn nan ti ponyen k ap viv pou fè Bondye plezi a !



Aucun commentaire:

DAS 2: DEZI oswa NESESITE

    Nenpòt kretyen ka vin yon lidè men li pa sifi pou yon kretyen anvi vin lidè paske lidèchip se yon nesesite. Se pa yon pozisyon daso, se ...