Plizyè
prensip ka motive yon lidè kretyen nan yon legliz oswa nan sektè evanjelik
la: konesans, pouvwa, enterè, tradisyon ak renmen pou Bondye.
Lidè konesans motive a vle aplike
tout sa li te aprann pou li ka byen dirije. Liv li te li, seminè li te suiv, sètifika
ak diplòm li te dekwoche, opinyon yon otè li pi apresye; tout sa yo domine
lidèchip li. Menmsi anpil fwa pa gen rezilta satisfezan nan inisyativ l ap pran,
li kontinye chita sou konesans li pou avanse.
Lidè pouvwa motive a pa sispann
gade sou otorite li, pozisyon li ki pouse li fè sa li vle. Li pa sousye de erè
li ka fè, enpak negatif desizyon li ka fè e menm kritik pa ka fè li chanje ide.
Dayè, li prè pou abize pouvwa li pou jwenn tout sa li dezire wè, konnen, di ak
fèt.
Lidè enterè motive a, sitou
lajan, prè pou fè tout bagay depi li ka jwenn sa li bezwen an. Li pa pè
sanksyone, revoke depi enterè li menase. Nenpòt moun ki ka finanse li ka
kòmande li. Tout moun ki pa nan enterè li se potansyèl ènmi.
Lidè tradisyon motive a menm chita
sou tout sa ki te konn fèt avan menmsi yo pa bay rezilta. Sa ki ensansyèl se
rete fidèl avèk tradisyon an pou li ka montre tout bagay ap byen mache. Sou
pwen sa a, Rick Warren di : « Fraz yo pi renmen nan legliz tradisyon
motive a se ‘’Nou te toujou fè l konsa’’ ». Lidè sa a ka pami moun k ap
plenyen yo pandan se li menm ki pou deside deklannche chanjman an. Li pè pou pa
gen soulèvman kont li osinon pou li pa pèdi pozisyon li ak enfliyans li.
Lidè renmen pou Bondye motive a dirije pou
fè Bondye plezi, menm lè se nan dezavantaj li. Li aji tankou Bondye t ap aji.
Se travay l ap fè a ki pi enpòtan, se pa pozisyon oswa tit. Li pa dekouraje
akoz kritik, dekourajman, echèk, sanksyon, akizasyon ak barikad. Li toujou
jwenn okazyon pou sèvi Bondye, anndan oswa deyò legliz.
Nenpòt motivasyon
ou ta genyen pami sila ou sot li yo, w ap bezwen sajès pou dirije. Sayil pa t
ap janm imajine Bondye te ka detwone li pou dezobeyisans. David te panse li te
ka pwofite pouvwa li san peye konsekans. Anpil nan lidè popilè ki te kite ògèy
mennen yo pa t panse sajès te dwe pi bon zanmi yo.
Gen plizyè
rezon pou yon lidè kretyen dirije avèk sajès :
1.
Bondye gen
sajès depase tout saj nan monn lan e nan tout tan avan ak aprè (1 Korent 3.19[1]).
2.
Lòm di, panse
e planifye sa li konnen men se nan men Bondye desizyon an ye akoz lòm pa ka
konnen kilè l ap mouri (Pwovèb 19.21)
3.
Anpil lidè ki
byen fòme sou lidèchip pa ka reyisi nan ministè yo (2 Timote 2.22).
4.
Anpil prensip
nan lidèchip chita sou konesans ak eksperyans lòm, yo pa biblik ni evanjelik ki
fè yo pa toujou efikas (Mak 7.8-9, 10.35-45).
5. Lavi a se yon lekòl, pèsonn pa janm fin
aprann (Tit 2.3-4). Plis yon lidè ap fè eksperyans,
plis l ap aprnn.
6.
Sa yon lidè
panse ki bon pa toujou sa k ap fè Bondye plezi (Ezayi 55.8-9).
7.
Pa gen yon
lidèchip inivèsèl pou tout legliz lokal lè nou konsidere divès doktrin nan
Krisyanis la, chak zòn, chak asanble ka nesesite yon lidèchip diferan selon
reyalite l ap fè fas.
8.
Gen pwoblèm
se pa lajan, konesans, tradisyon ak pouvwa ki ka rezoud li, se sajès.
« DIRIJE AVÈK SAJÈS » se yon nouvo
gid pou evalye efikasite lidèchip kretyen parapò avèk vizyon Jezi pou
transfòmasyon ak devlopman tout kwayan.
Se pou chak lektè ki konsakre tan pou li
liv sa a jwenn tout plis limyè, plis sajès, plis kouraj ak plis sans
responsabilite nan travay Senyè a.
Jérôme Dorsonne Emerson
Ekriven
Li liv la gratis nan lyen sa a:DIRIJE AVEK SAJES